MosaikHub Magazine

Mesaj prezidan Michel Joseph Martelly nan okazyon Fèt Nwèl la

vendredi 26 décembre 2014

Texte reçu le 25 décembre 2014

Frè m ak Sè m yo nan kat kwen peyi Dayiti ak lòt bò dlo,

martellyMwen voye yon gwo kout chapo pou nou.

Mwen konnen jan fèt Nwèl la se yon moman enpòtan nan lavi chak Ayisyen.

Jounen sa a espesyal paske Nwèl se fèt lapè, se fèt solidarite youn ak lòt. Se yon tan ki envite nou pataje, yon tan pou nou antann nou, pou nou pote kole youn ak lòt. Se yon tan ki mande refleksyon, yon fason pou nou ka rezoud pwoblèm ki mete nou dozado.

Ayisyèn, Ayisyen,

Tankou jan mwen toujou di nou, se nan tèt ansanm nou ap jwenn fòs pou nou develope peyi a. Jou Nwèl sa a, se mesaj fratènite, rekonsilyasyon, ak lanmou mwen pote pou nou.

Se nan menm lespri Nwèl sa a ke mwen te envite plizyè lidè politik, plizyè pati politik, plizyè asosyasyon nan dyalòg pou pèmèt nou chanje peyi sa a.

Nou tout se Ayisyen. Nous tout gen dwa pou nou di mo pa nou, pou nou fè tande vwa nou nan zafè peyi a. Tout sa ka fèt nan respè youn pou lòt, nan respè dwa tout moun.

Mwen gen anpil konfyans nan kapasite chak Ayisyen pou yo fè sa ki bon pou peyi a. Mwen konnen ke tèt ansanm ak bon jan aksyon ap mennen nou nan chimen demokrasi ak developman. Pou peyi a ka avanse, anpil sakrifis ak anpil konpwomi fèt.

Nan sakrifis sa yo. Premye minis Laurent Lamothe te remèt demisyon li ak tout gouvènman li a. Konsa, jan atik 165 Konstitisyon an mande li, mwen nommen minis Sante piblik a, Madàm Florens Dipèval Giyò m (Mme Florence Duperval Guillaume) kòm premye minis pou yon ti bout tant, yon fason pou lete kapab toujou kontinye fonsyone.

Jodya, mwen te resevwa Prezidan Sena ak Prezidan chanm Depite a, pou nous diskite sou chwa nouvo premye minis la.

Apre konsiltasyon sa yo gen twa (3) nom ke nou te reteni pou premye minist : Misye Herve Day, Misye Charles Jean-Jacques ak Misye Evans Paul. Demen 25 desanm you arete prezidansyèl ak konfime chwa definitif la.

Nan jou Nwè sa a, nou ap mande Granmèt la voye je sous peyi Dayiti, sou tout pitit li isit kou lòt bò dlo. Mwen envite tout moun rete kèkal.

Mwen swete nou tou Sante, Bonè, Lapè ak Reyisit.

Jwaye Nèel, Bòn Ane..

Se pou Bondye beni nou !

Se pou Bondye beni peyi Dayi !

Merci.

Michel Joseph Martelly
Prezidan Dayiti
24 desanm 2014


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie