MosaikHub Magazine

kay ou se poto mitan w

vendredi 16 janvier 2015

Ou mèt gen yon gwo kay, oswa yon pyès kay. Ou mèt prete kòb labank pou bati l, osnon se fanmi
w lòt bò dlo ki ede w, oubyen redi ou redi bati l ti moso pa ti moso, kay ou se kay ou.
Nenpòt jan ou rete nan yon kay, ki pou ou, ke ou lwe ou byen anfème l, yon kay se souvan pi gwo envestisman w ap fè nan lavi w.

Kay ou se la ou pase anpil tan nan vi w. Si w pa la, moun ou pi renmen yo rete ap tann ou la. Ou viv la,lavi bèl la, paske lakay se lakay.
Li mèt se yon kay ou bati pou rete, li mèt se yon kay ou fè pou lwe, ou fèt pou byen fè l. Toujou byen gade, byen kontwole, avan ou lage lavi w, lavi fanmi w, lavi moun anba yon kay.

Se pou sa, depi jou w ap chèche teren an, jou w ap bay premye kòb pou achte premye sak siman an, jou premye wòch la pral anba tè a, pou jouk ou fini nèt, fòk ou gade byen, founi je w, mande eksplikasyon pou tout bagay fèt byen.

Se mèt kò ki veye kò, se mèt kay ki veye kay. Toutan tout bagay pi byen fèt, nan respè prensip yo, se plis w ap jwi kay ou pi lontan.

5 an apre katastwòf 12 janvye 2010 la, kote nou pi an danje si yon lòt goudougoudou pase se anba yon kay ; prekosyon pa kapon, ann bati pi byen pou pa gen kriye.
Yon kay pa fèt pou li se dènye kay ou paske li te mal bati. Kay ou se pa 4 poto, se pa 4 panno, se poto mitan w. Se sa 12 janvye 2010 aprann nou.

AUTEUR

Frantz Duval

duval@lenouvelliste.com


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie