MosaikHub Magazine

Apre moun, Akademi lang kreyòl ayisyen an gen yon kay, l ap pran manm

vendredi 19 juin 2015

- Sekretarya egzekitif Akademi kreyòl ayisyen an inogire jou ki te jedi 18 jen 2015 la, devan manb Akademi an ak manb gouvènman peyi d Ayiti, yon lokal tou nèf nan zòn « Turgeau ». Lokal sa pral pèmèt akademisyen yo travay pi byen ak reflechi nan bon jan kondisyon sou lang kreyòl la ki se yon « zouti chanjman k ap pèmèt nou pran chimen devlopman pandan n ap chèche met lang kreyòl la plis an valè. »

Aprè enstalasyon 33 premye akademisyen yo nan mwa desanm 2014, se nan lokal rèktora Inivèsite leta peyi a yo te konn rankontre pou yo travay. Prezidan konsèy administrasyon Akademi an, Jean Pauris Jean Baptiste, te pwofite seremoni sa pou l te remèsye rektè Jean Vernet Henry ki te bay akademisyen yo ladesant lakay li nan rèktora a. Nan entèvansyon li, Jean Pauris Jean Baptiste fè konnen inogirasyon lokal sa pa anyen si pa gen moun ki motive pou travay pou pouse lang kreyòl la pi douvan. « Li pral gen valè se lè chak akademisyen pral konnen wòl yo nan travay yo pral gen pou fè chak jou pou yo bay lang kreyòl la tout enpòtans li genyen nan ansèyman ak nan anpil lòt deba k ap fèt chak jou nan sosyete a. Se vre lalwa detaye wòl ak misyon akademisyen yo, men sa ki ekri a ak sa kap fèt tout bon vre se kapab lajounen ak lannwit. » Jean Pauris jean Baptiste fè konnen tou gen anpil gwo defi k ap tann akademisyen yo nan jou k ap vini yo. « Youn nan pi gwo defi yo se travay pou nou retire konplèks enferyorite anpil moun genyen sou kesyon lang kreyòl nan peyi a, li fè konnen. Nou dwe travay di pou n fè yon travay dekrasaj kont tout konplo ki ta vle fè nou kwè nou pa gen lang ak kilti. Nou bezwen rapatriye nou nan sa nou ye kòm moun, kòm pèp, kòm peyizan ak kòm moun lavil. » Si kreyason Akademi lang kreyòl la pral pèmèt plis moun ekri an kreyòl, prezidan konsèy Akademi an souliye tou nou pa dwe ekri tout bagay pou n di se kreyòl li ye. « Lang kreyòl la gen moul li, li gen pwòp fason pa l pou chapante mo li yo pou deplòtonnen pawòl yo [...] Si n ap pale kreyòl, si n ap ekri kreyòl, an nou pale, an nou ekri selon prensip chapant lang lan. » Seremoni pou inogire kay sa te reyalize devan plizyè minis ki fè pati gouvènman ayisyen an ak anpil lòt moun ki ap travay pou fè lang kreyòl la vanse. Nan sans sa, nou te remake prezans nouvo direktè Sosyete animasyon kominikasyon sosyal (SAKS), Ary Regis, akademisyen Fritz Deshommes ak rektè Inivèsite Leta nan peyi d Ayiti, Jean Vernet Henri. Minis kilti peyi a, Dithny Joan Raton, wè nan inogirasyn kay sa yon moman enpòtan nan jefò k ap fèt chak jou pou bay lang kreyòl la jarèt. « Se pral yon kanal ki peze pou kilti ayisyen kapab ale pi lwen pase fwontyè li yo. Ouvèti biwo Akademi sa se tankou yon pòt ki louvri pou pèp ayisyen an jwenn aksè ak tout kalite konesans ki pwodwi nan lang kreyòl ki se lang manman tout Ayisyen. » Dithny Joan Raton pwofite pou l eksplike enpòtans lang kreyòl la genyen nan fòmasyon ak nan sa ki gen pou wè nan devlòpman yon sosyete. Li te pwofite felisite akademisyen yo ki te travay chak jou pou met sou pye Akademi lang kreyòl la ki pral pèmèt moun pwodwi pi plis toujou nan lang kreyòl. « Lang kreyòl la se youn nan pi bon mwayen pou nou idantifye nou tankou yon pèp lib. An nou kontinye kenbe kreyòl la byen wo pou n kontinye batay pou kenbe eskanp figi peyi zansèt nou yo te goumen kite pou nou. » Pou rektè Inivèsité Leta d Ayiti a, inogirasyon kay kote akademisyen yo pral gen pou yo travay la dwe pèmèt peyi a vanse sou chimen devlòpman, pandan l fè konnen itilizasyon lang fransè pèmèt yo mete anpil moun deyò nan soyete a. Jean Vernet Henry te pwofite pou felisite tout moun ki te pèmèt yo vote yon lwa sou kreyason Akademi lang kreyòl la ki ta pral pibliye nan « Le Moniteur » nan mwa avril 2014. Yon lòt kote, li eksplike travay akademi an pra l gen pou’l fè pou moun respekte lang kreyòl la nan objektif pou yo pa met yon pil ak pakèt moun deyò nan sosyete a. « akademisyen yo gen yon gwo reskonsablite sou tèt yo e peyi a ap suiv sa k ap fèt chak jou pou fè moun renmen lang kreyòl pi plis toujou. » Avèk Akademi lang kreyòl la, Jean Pauris Jean Baptiste fè konnen nou gen yon potansyèl k’ap kabicha depi lontan ki pral finalman leve nan dòmi. « Nou kondane pou nou reveye min trezò sa epi mete li o sèvis peyi a. Ayiti kondane pou li sèvi modèl sou plan lang kreyòl e fòk nou leve defi sa. Ankouraje pwodiksyon valab an kreyòl, travay pou dekonplekse moun kap ekri an kreyòl, k ap chante an kreyòl, se kèk nan misyon akademi an. An nou konstwi nou ansanm pou yon meyè demen », se konsa li te fini entèvansyon li an ki te jwenn aplodisman tout akademisyen lang kreyòl ayisyen ki te nan seremoni sa.
Jocelyn Belfort jbelfort@lenouvelliste.com


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie