MosaikHub Magazine
Akademi kreyòl Ayisyen (Aka)

Aka ap travay pou estandadize òtograf kreyòl la

mardi 25 août 2015

Dieulermesson PETIT FRERE Nan kad travay pou prepare estandadizasyon lang kreyòl la, Akademi kreyòl Ayisyen (Aka) an òganize twa gwo jounen travay ak pwofesè Fakilte lengwistik aplike, edikatè ak kèk kad nan Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) nan sal konferans Joseph C. Bernard ministè a nan dat 13, 14 ak 18 dawou 2015 lan. Atelye sa yo fè suit ak pwotokòl dakò Aka a te siyen ak ministè a nan dat 8 jiyè pase a. Prensipal objektif atelye sa yo se prepare òganizasyon travay estandadizasyon òtograf lang lan k ap fèt nan mwa sekptanm ak obtòb k ap vini la. Daprè sekretè ekzekitif Akademi an, madam Luna Gourgue, twa atelye sa yo ap pèmèt Aka a reyalize yon kokennchenn refleksyon sou difikilte ak disparite k genyen nan zafè ekriti lang kreyòl la. « Òtograf yon lang chita sou 2 gwo reyalite : syans lengwistik ak konvansyon. Òtograf kreyòl la se yon òtograf fonetik, mòfo-fonemik, kidonk li chita sou syans lengwistik ki se fonoloji epi sou konvansyon tou. Kòm se yon lang ki soti nan fransè, anpil estrikti antre ladan l san eksplikasyon. Nan sans sa a, nou resanse yon ekip mo ki bay malèz nan lang lan, konsa n ap reflechi antre nou an fonksyon zouti syantifik yo, gade ki kalte konsansis n ap fè epi wè kisa n ka pwopoze, yon mannyè pou n gen yon òtograf estanda. » Pou pastè Pauris Jean-Baptiste ki se prezidan konsèy ekzekitif Aka a, twa jounen sa yo pèmèt anpil brase lide fèt sou zafè òtograf la. Youn nan pwen fondamantal li souliye, se fason yo rive fè konsansis pou rezoud kèk pwoblèm moun rankontre nan ekriti kreyòl la. Li fè konnen sistèm òtograf kreyòl k ap itilize jounen jodi a la depi lane 1979. Lè l te parèt nan lane sa a, lengwis yo ak lòt moun ki te travay sou li a la te gen pou devwa swiv evolisyon l pandan 4 lane epi wè kisa k merite chanje e konsève anvan menm li vin yon òtograf definitif. Malerezman depi lè a, pa janm gen desizyon k pran pou finalize eksperimantasyon an epi pwopoze yon bagay definitif. Bò kote pa l, profesè Rogeda Dorcé Dorcil, ki se dwayen Fakilte lengwistik aplike, ale nan menm sans lan. « Depi w di òtograf, ou nan konvansyon, se poutèt sa n pale de konsansis. Li enpòtan pou n gen yon òtograf estanda pou lang kreyòl, konsa itilizatè yo, ki se moun k ap sèvi ak lang lan tankou pwofesè, ekriven, jounalis, editè, elatriye, ap ka sèvi avè l pi byen nan kad travay y ap fè. » Anvan menm manm Aka a te rive reyalize atelye sa yo, yo te fè yon resansman sou tout eleman ki bay pwoblèm nan lang lan, sitou nan zafè ekriti a. Konsa a yo konstitye yon kòpis epi tanmen bon jan diskisyon sou li. N ap raple gen 6 pwen fondamantal kote Aka a ap pote kolaborasyon li bay ministe Edikasyon nasyonal : Estandadizasyon òtograf lang kreyòl la, fòmasyon pou pwofesè lang kreyòl, amenajman lang nan sistèm edikasyon an, patisipasyon nan komisyon nasyonal pou refòm kourikoulòm yo, epi revizyon materyèl edikatif an kreyòl.
- Dieulermesson PETIT FRERE dpetitfrere@lenouvelliste.com


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie