MosaikHub Magazine

Odette Roy Fombrun : yon akademisyèn ki kwè nan lang kreyòl ayisyen an

jeudi 28 janvier 2016

Connaître nos académiciens/Aprann konnen akademisyen nou yo # 17 Odette Roy Fombrun se edikatris. Otè plizyè liv pou timoun lekòl ak woman epi kont pou timoun, li se manb Akademi kreyòl ayisyen (AKA). Nan kad ribrik Aprann konen akademisyen nou yo, l ap pale nou de travay li ak pwojè l kom manb AKA a. -

Mirline PIERRE Le Nouvelliste (LN) : Anpil moun konnen Odette Roy Fombrun kom edikatris ki lite anpil nan zafè ledikasyon an Ayiti ? Di nou kòman ou fè vin interese ak zafè akademi kreyol la ? Odette ROY FOMBRUM (ORF) : Depi laj 18 lane, m sòti nan “L’Ecole normale d’institutrices” m ape batay nan ledikasyon. Tout vi mwen enterese ak travay nan Edikasyon : - nan Edikasyon preskolè, m louvri premye jaden timoun ; - nan Edikasyon sivik : premye liv m ekri se Edikasyon sivik ak moral ; - nan istwa peyi d’Ayiti 2 liv pou primè ; - pou devwa fè tètansanm : koleksyon 5 liv pou primè : VIVRE ENSEMBLE ; - anpil lòt liv pou lekòl primè : Sciences sociales…. Lè map travay nan edikasyon, mwen wè kreyòl se lang nasyonal peyi Ayiti, kifè lang kreyòl ta dwe antre nan lekòl peyi Ayiti. M ekri minis Pierre-Louis (anvan Bernard) pou di l m kwè se pou li mete kreyòl nan lekòl yo. Nan Avan-Pwojè Konstitisyon 1987 la m reyisi fè mete : kreyòl se lang nasyonal. Epi ta dwe genyen yon Akademi kreyòl. Tout etid mwen fèt an franse. Sa vle di kreyòl la pou mwen se te yon lang pale pa ekri. Se poukont mwen, ak liv Yves Dejean m aprann ekri kreyòl. M deside ekri liv an kreyòl ni istwa Ayiti, ni 4 liv Edikasyon sivik pou post alfabetizasyon Ni liv pou amize timoun nan kolèksyon Deschamps. LN : Ki principal misyon akademi kreyòl la ? ORF : Menm jan franse a genyen règ, fòk lang kreyòl la genyen règ pa li. Akademisyen yo pou eksplike pouki sa se tèl jan pou tout bagay ekri. Se pousa nan akademisyen yo genyen anpil lengwis. M pa lengwis. M fè yon ti jefò pou m konprann yo. M genyen 98 lane pase ak anpil dosye sou tab travay mwen ki fè se voye je ase m ka fè sou travay Komisyon yo ape fè. M konnen genyen anpil deba anvan pou desizyon pran. Sèl bagay m mande yo se wè pou yo mete pou timoun yo sa ki fasil. Yo va aprann difisil yo pi devan. LN : Ki enpotans lang genyen nan yon sosyete ? ORF : Pa genyen sosyete ki pa genyen yon lang. Plis yo evolye, plis lang la vin genyen règ konplike. Nou wè lakay nou Taino yo te genyen yon lang ekri. Nou jwen ekriti sila a sou woch ak nan gròt yo. Li sanble ak ekriti ejipsyen yo. Etid pou fèt sou patrimwa’n sila a. LN : Eske tout lang kap fonksyone bezwen yon akademi ? ORF : Pa ditou. Ayiti pa te bezwen genyen yon Akademi. Lengwis yo ta kontinye etidye lang kreyòl la. Men Akademi an vin ba li plis reyonman, l ape fè li vanse piplis ak pi vit. Nou déjà wè diferans nan. Menm ak jounal Le Nouvelliste. LN : Ki chanjman akademi kreyòl la pral pote nan aprentisaj timoun an Ayiti ? ORF : Y ape travay sou sa. Menm jan yo aprann timoun franse, se menm jan yo pwal montre timoun ayisyen kreyòl . An franse, yo montre yo ke lè mwen di in m ekri in ; an kreyòl lè mwen di menm bagay la, m ape ekri li en. Fòk yo pran tan pou fè gramè ak tout règ pou ekri korèkteman lang keryòl la.
Mirline PIERRE
liline_2015@yahoo.fr


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie