MosaikHub Magazine

Jacques Stephen Alexis, mort sans sépulture (1e partie)

jeudi 25 février 2016

Men, kote tras kadav la ? YON KADAV K AP TANN ANTÈMAN li Arnold Antonin pa gen lontan li sòti yon fim. Fim sa a, tankou yo di nan lang fransè, fè yon malè ; sa vle di li ranmase foul siksè. Li te mete Otèl Karibe nan tout eta li. Anndan an te chaje ak moun tout kalite kouch. Mwen kwè se youn nan fim reyalizatè a ki atire pi gwo asistans . Evènman kiltirèl enpòtan sa a pase jedi14 janvye 2014. Malgre sitiyasyon boulvès, enkyetid k ap brase bil sosyete a, anpil envite, fanm kou gason, jenn kou vye te fè deplasman nan Karibe vin asiste : Mort sans sépulture ( tit an fransè fim nan). Menm si depi nan leve rido, Antonin te pase yon premye fim sou lavi ak karyè Gérald Bloncourt, yon militan 1946 k ap feraye jouk konnye a an Frans. Dapre sa m aprann, paske mwen pa t rive asiste pwojeksyon sa a, fim nan te jwenn anpil bravo. Dapre plizyè temwen, dokimantè saa tou resevwa yon bèl koutchapo. Li merite tou yon bon rale nan jounal. Nan kontrandi sa a, mwen chwazi opine sou Mort sans sépulture.Tit la, deja, chaje ak souzantandi. Menmsi se pa Antonin ki te itilize ekspresyon sa a, an premye, kòm tit, li byen apwopriye ak lespri entansyon travay dokimantè a. Lektè, si ou vle sonje, an 1941, Jean-Paul Sartre, kokennchenn ekiven fransè a te ekri yon pyès teyat ki te gen pou tit Morts sans sépulture ke jodi a malerezman, anpil moun ki pa lan literati pa konnen oubyen, si yo te okouran, jounen jodi a, yo bliye sa. Sèl diferans ant de tit yo, mo "Morts" la nan pyèsteyat Sartre la te pran mak pliryèl, li te fini ak yon (s). Sa fè deja tout yon diferans. Men, nan tou de ka yo, nou anplen nan yon enig, yon mistè ki pa gen bout. Pou fim Antonin an, mwen riske yon premye lis tit an kreyòl pou atik sa a. Anverite mwen pa fin satisfè de twouvay mwen : Antere san sèvis. Antere san mizantè. Yon kadav lage, bandonnen tankou chen. Lè mwen fin suiv dewoulman fim nan, mwen pito chwazi yon tradiksyon ki fini sou yon kesyon tankou : Men kote tras kadav la ? E, lè m byen reflechi, mwen konprann mwen pa fouti tradui l konsa e mwen pa fouti kenbe l. Pouki sa ? Pa gen anpil moun ki te wè kadav ; e, jouk kounye a, m ap mande m, menm si reyalizatè a limenm, sèten, magre konviksyon li, J.S.A mouri Pòtoprens. Gen lòt kouran moun ki kontinye ap pale de Pòdpè. Konsa, inanimite pa fèt sou dosye a ; pa gen moun ki konnen ak asirans, toutbonvre, kote kò Jacques Stephen Alexis pase ; alewè pou nou ta pretann konnen ki kote li antere. Li p ap janm twò klè non plis lan ki kondisyon yo te mete men sou JSA Kilès, ki gwoup, ki lotè dirèk krim nan, ki kote yo komèt asasinay sa a ; ki bò, nan ki zòn akilè nan Nòdwès si se lan Nòdwès ; eske se Pòtoprens ? Ki bò, nan ki zòn ? FòDimanch, nan Palè Nasyonal ; e, si se lan Palè nasyonal ki dat e a ki lè evènman sa a te rive. Èske kote li mouri a se la yo antere l ? tout kesyon sa yo, jouk konnye a poko gen repons. eske y ap janm jwenn repons final nèt e klè ? Fòk nou rekonèt, gen anpil vèsyon konsènan jan yo sènen l, arestasyon ak asasinay JSA. Sèl sa ki mete moun dakò, plizyè dokiman ki disponib pwouve se pami patizan Duvalier, militè, makout ak milis kou a te soti ; se yo ki te komèt zak la. Kò asasinay la siyen. Peripesi JSA te kòmanse nan kòt Mòl SenNikola e pa gen dout lan reskonsabilite dirèk François Duvalier nan desizyon kriminèl sa a. Se vre, tout obsèvatè konstate, Arnold Antonin li anpil dokiman, anpil dosye , li pase Bernard Diedrich ak anpil lòt kwonikè, jounalis, nan peny tidan ; san konte dapre fim nan, li anrejistre kèk konvèsasyon oral serye ak kèk lòt tou, pi pre rakonta, "yo di". Pi fò nan yo pa twò kredib. Men, fòk nou rekonèt gen kèk bon temwayaj serye tou. Malgre efò plizye rapòtè, malgre kalite efò analiz fim nan reflete e ki montre efò reyalizatè a deplwaye nan chèche temwen ak dokimantasyon kontradiktwa adwat agòch, li pa rive konvenk moun nèt. Lanmò sa a antoure ak mistè. Yo pa janm chante libera mò sa a. An n di, Jacques Stephen Alexis tou kareman disparèt san li pa kite tras. Sèl François Duvalier, kèk sikè diktatè a ak bouwo ki t ap sèvi rejim nan, ta kapab bay bon jan depozisyon ak esplikasyon sou jan militan an fini. Malerezman, pi fò nan ansasen Jacques yo mouri lontan déjà ; e, kèk grenn temwen enteresan ki ta vivan jounen jodi a refize pale sou koze sa a. Nan lespri pa yo, chèche verite sou disparisyon yon opozan François Duvalier , pa enpòtan ; menm si se yon Mapou ki rele Jacques Stephen Alexis di Jacques Solèy. Yo pito pwoteje tèt yo, pwoteje kèk moun, kèk gwo potanta, ansyen bawon rejim Duvalier a, ki gen arevwa ak krim sa a, pase yo rann nasyon an sèvis. Konsa, n ap tatonnen. Sou pwen sa a, fim nan p ap fè n wè klè. E pou mwen, mwen davi, s e pa sa ki pi enpòtan. Mwen wè nan fim nan plis yon devwa memwa ; se pa yon ankèt polis nan montaj la. Li plis yon omaj. Se pa verite istorik ki te domine konsepsyon ni reyalizasyon fim nan . Enterè li chita lòt kote, sou lòt konsiderasyon . Se poutèt sa, nou konprann byen pouki sa reyalizatè a pa mete fiksyon sou kote. E dapre m, se trè byen konsa. Fiksyon an bay fim nan yon lòt dimansyon, yon chaj emosyon ki kenbe espektatè a sou kiviv. Anplis, fim nan soulve plizyè kesyon sosyete. Enterè masif Ayisyen demontre pou yo wè fim sa a montre nou genyen yon mank, pou nou pa di yon vid, sou plan divètisman an mas nan domèn kilti nan peyi a. Li montre nou tou, dosye JSA a panko likide ; li montre nou tou, gen anpil twou pou nou bouche, manke zouti sou plan teyorik, nan rechèch teknik, lè n vle antre nan tretman enfòmasyon. Nou dwe sispann bouche sous ransèyman ak kominikasyon nou. Nou dwe pran konsyans nou pa genyen okenn mize ni achiv ni okenn dokimantasyon ki gen arevwa ak lavi pèp ayisyen an anjeneral, militan istorik nou yo Joseph Jolibois Fils, Jacques Roumain, Jacques Stephen Alexis, Clément Jumelle, Jean-Jacques Dessalines Amboise, madanm li, Rameau, Phito Gracia anpil lòt etidyan, entèlektyèl rezistan politik tout tandans ki soti nan tout klas, mouri san tout limyè pa janm fèt sou disparisyon yo. Mwen rete kwè fòk ta gen istoryen espesyalize ki panche sou kèk gwo krim d Eta tankou yo fè ann Espay pou Frederico Garcia Lorca, pou Trotsky, an Risi ak plizyè lòt figi ann Amerik Latin, Pablo Neruda nan peyi Chili, pou pi pre. Fim Antonin an mete nou an kontak ak yon bon vivan, yon papapitit, yon patryòt militan, yon chèf patipolitik, yon entèlektyèl, yon ekriven.Yon nonm ki pa t jennen montre pasyon li aklè. Se te yon nonm ki te aksepte viv ak rèv li. Alexis se te yon nonm antye ; kote serye a pa t toufe kote chamè a. Li pa sèvi ak imajinasyon li tankou yon zouti dezyèm men. Gen moun ki kapab di trè tanperaman sa a jwe misye move tou, men militan an te asime pèsonalite li jouk nan bout. Lan tou sa patriyòt la t ap fè, li te mete tout nanm li, tout kè li, tout emosyon li ladann. Jan li montre tandrès li pou piti fi li, relasyon li ak fanm li renmen, rapò li ak moun, ak liv, ak politik, ak kilti an jeneral pèmèt nou dekouvri yon pèsonaj kiltive, estwòdinè, konplèks. Nou poko prèt poun fin pale sou JSA. Fòk pèsonn pa twonpe l ; nan fim lan, Arnold Antonin, depi opa deklare : reyalizatè a ak ekip li, fè tou sa li kapab pou li jwenn tras ekriven an pou li wè si li ta kapab pèse mistè disparisyon militan sosyalis la. Pou bese tansyon bèl dokimantè sa a, konseptè a itilize reyalite a ak anpil finès, entèlijans ak imou san li pa altere verite a. Konsa, li klè, A.A pa t gen pou premye objektif chèche revele ki bra ki frape, ni ki kote lanmò JSA soti, ni ki bò li antere, si li antere vre.Tankou Antonin renmen fè sa, dokimantè li yo chita sou rèv li pou avni peyi d Ayiti, sou vizyon li e sou espwa li genyen pou peyi sa a pa janm tonbe nan mòd krim sa yo anko. Se yon batay pou yon sosyete pi jis san represyon ni tòti. Direktè Centre Pétion-Bolivar la chwazi ofri sosyete a yon batri imaj pou l konstwui yon bank achiv nan benefis pèp la. Se yon fason pou l rann kilti peyi d Ayiti pi dyanm. Kòm chèchè, Arnold Antonin chèche, li jwenn ; si li pa jwenn yon verite toutouni, li kreye, li dekouvri. Yon lòt enpòtans fim sa a genyen , li ankouraje moun ki pi jenn yo kòmanse poze kesyon sou angajman fanm ak gason, entèlektyèl, atis kou ouvriye ki t ap feraye pou yon lavi miyò depi anvan fen lokipasyon1934 jouk 1986 rive jodi a an 2016. Fim sa a ap aprann nou venere moun ki fè sakrifis pou avansman jenès la ak tout pitit pèp la. Mort sans sépulture, si nou vle ale pi lwen, pi fon tout bon, se zèv yon reyalizatè kreyatè ki sèvi ak eleman fondamantal kominikasyon, entuisyon e fabrikasyon imaj nan yon ribanbèl koulè, rit (rythme) mouvman atravè enfòmasyon, opinyon, pwennvi, temwayaj ki depase yon pwoblèm politik, yon epòk, kote yon rejim brital t ap fè tout kalite represyon ; yon lòt nivo men se yon travay pedagogik, yon inisyasyon nan domèn gou ki montre, resous teknik, estetik pa depaman ak angajman nan yon èv atis konsekan e ki gen talan pou youn nan aktivite sa yo : pwezi, literati, penti, fim sinema sou yon pèsonaj ki make ak fòs konviksyon li, fòs talan li, dezyèm pati 20tyèm syèk la nan yon Ayiti endijenis kote anpil aktivis avangad te pran nan cham "Réalisme Merveilleux" (Reyalis mèveye). Tram mizikal fim nan ki reyalize apati yon kreyasyon orijinal Joël Armand suiv pye pou pye dewoulman aksyon an nan tout kesyònman li. Fim nan bay yon vizyon klè, atravè pitit JSA, Forence sitou, pwoblèm konsènan istwa orijinal, nasyonalite miltip, lang ak metisaj nasyon nou an. Lòt konsiderasyon nou dwe fè apati pwojeksyon sa a, se enterè, angouman ak kesyon lonmetraj Arnold Antonin an reveye kay espektatè ki gen chans gade li. Se Ottawa mwen te gen chans dekouvri Mort sans sépulture an konpayi yon gwoup zanmi ak fanmi gwo jou premye janvye 2016 la. Pandan in è e plis pase 30 minit, mwen te transpòte, vise sou yon fotèy m ap viv, m ap chache konprann e mwen t ap reve. E, apre dewoulman pelikil la, tout lòt moun yo te lan menm eta a. Fim nan gen yon gwo enpak sou asistans lan. Se te kòmantè adwat, agoch. Se te yon satisfaksyon jeneral.
- Claude C. PIERRE


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie