MosaikHub Magazine
Bloc-Notes

Nanpwen anyen ou fè ki bon Bloc-Notes

jeudi 3 mars 2016

Peyi a si tèlman fè moun pè moun, rayi moun, ou ka dekouraje fasil, di tèt ou ale tout bagay, tout moun lavoum, fèmen pòt ou, kè w, sonje pwovèb la ki vle chak chen degaje l jan l konnen…

Elit yo si tèlman trayi, meprize, iyore bezwen pèp la, volonte l, anba pa fè anwo konfyans, e pafwa menm kan an reyalite ant de moun, de gwoup, oswa anndan yon gwoup, pa gen anba ni anwo, santiman « ou pi byen pase mwen an », « ou genyen mwen pa genyen », « yo rekonèt ou kòm kichòy, mwen yo pa pran m pou anyen », « yo wè w, yo pa wè m » nan domine relasyon moun gen ak moun, ak tèt yo, pèsepsyon moun gen sou moun. Nanpwen peyi gaspiye enèji pozitif konsa.

Nanpwen peyi melanje djab ak bon mas konsa. Swa enèji pozitif yo neye nan mitan lòt pratik ki rann yo envizib. Swa yo pa jwenn sipò ki ta ka ede yo grandi. Swa gen yon parès entelektyèl ak yon mank etik lakay moun k ap gade yo ki anpeche yo fè distenksyon ant demagoji opòtinis yon bò ak kouraj ak konviksyon yon lòt bò.

Jodi a, youn nan difikilte peyi a pou li leve yon mas kritik ki ta pote pawòl ak pratik pou chanje l tout bon vre nan sans enterè majorite a, se mank moun pou fè lyezon ant panse ak aktè radikal ki soti nan elit yo ak mas yo. Anpil nan moun nan klas mwayèn defavorize a ki te ka fè Roumain osnon Benoit Joachim antre nan imajinè ak konesans mas yo osnon preyokipasyon ak bezwen mas yo antre nan konsyans elit yo twò okipe nan degaje pa peche osnon pote twòp fristrasyon anndan yo pou yo ta fè lyezon sa a. Anpil nan yo angaje nan yon batay pou rekonesans nan je elit yo, Nou ka konprann gen plis prestij nan vire voye Pòtoprens ke nan retounen nan ti vil pwovens ou an, pataje konesans, antre nan dyalòg ak mas yo.

Yon lòt bagay ki fè mal, anpil moun bliye se tan ki bay rekonesans. Egalite ant sitwayen se yon bagay, men rekonesans entelektyèl se yon lòt. Yon pwemye rekèy pa bay rekonesans yon Pablo Neruda. Yon militan baz pa sa pran tèt li pou Lénine ni pou Salvador Allende. Obsesyon rekonesans sa a vin anpeche analiz objektif yon bann aspè nan reyalite global la, anpeche apresye pratik pozitif yo, e fè wè yon lenmi nan chak moun ou panse ki pa ba ou rekonesans ou merite a. Kidonk, nanpwen anyen yon lòt ka fè ki bon depi li pa ale nan sans obsesyon rekonesans k ap fann anndan w lan. Nou konnen kisa obseyon rekonesans lan ka pwodui, sonje divalyeris la, sonje Roger Lafontant…

Espektak pèsonèl politik peyi a ap ban nou jodi a gen anpil pou li wè ak obsesyon rekonesans lan. Mwen pa okipe yon pòs pou mwen fè sa pòs la mande m fè pou sitwayen yo, men pou m « rive » e pou mwen montre mwen rive. E depi yon moun antre nan lojik sa a, nan tèt ou, ou mèt rive wotè syèl la, w ap toujou panse ou poko monte ase wo, yo poko janm wè w, admire w jan yo dwe wè w, admire w la.

Mwen gen yon zanmi ki pase vi l ap batay pou ede peyi a chanje, li di m : « Mwen lage sa. W ap batay, y ap manke w dega, plis anyen pa chanje. Kondi chante a peyi yo pou yo, y a fè say o vle”.

M ap gade politik fè wè, gwo fal. M ap gade gaspiyaj piyaj krim pou fè wé m pi fò m pi bèl m pi rich. M ap gade resepsyon rayisab anpil enèji pozitif. Mwen konprann zanmi m lan. Se yon peyi sitirèz yon bò. Yon lòt bò li krache fasil nan figi moun. Men menm si, nenpòt sa ou fè, maladi rekonesans lan ak pwa inegalite yo ap fè moun di nanpwen anyen zòt fè ki bon, tank ou pa mouri, fòk ou kontinye.

Antoine Lyonel Trouillot

zomangay@hotmail.com


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie