MosaikHub Magazine

Kreyòl pale, Kreyòl ekri

jeudi 3 mars 2016

Pèsonn moun sou latè beni pa janm aprann li ak ekri pwòp lang li nan rèv. Se swa li te gen chans ale lekòl pou fè sa si lekòl te fèt nan lang lan, swa li rive fè sa pou kont li nan rive dechifre lang lan apre anpil pratik. Nan kontèks ayisyen an, pi fò nan ti ponyen moun ki te pase lekòl anvan lane 70-80 yo pa te gen yon klas Kreyòl. Ki fè, w ap jwenn yon bon valè moun nan jenerasyon sa yo ki gen difikilte pou li ak ekri Kreyòl. Men, moun nan jenerasyon sa yo ki ta byen renmen aprann li ak ekri Kreyòl dwe pran chimen ki nesesè pou reyalize rèv sa a. Chimen pou nou korije erè sa a pa anpil, e yo pa gen pikan kwenna nan yo. 1) Chache konnen òtograf lang lan. 2) Chache moun ki maton nan ekri lang lan pou gide ou. 3) Li nan lang lan ak ekri ladan. Tout chimen sa yo nou site la a deja trase. Lang Kreyòl la gen yon òtograf ofisyèl depi nan lane 1979. Gen lengwis ak moun nan domèn edikasyon ki maton nan ekri lang lan k ap kontan ede w. Epi, gen yon bèl valè liv Kreyòl ki disponib nan anpil domèn. Aprann li ak ekri Kreyòl, epi pwodui an Kreyòl, pa vle di pou vire do bay lòt lang ou konnen deja. Konnya an nou mande tèt nou ; èske nou vle li ak ekri Kreyòl ? Pou kabre kesyon sa a, anpil konpatriyòt mwen yo prefere vini ak anpil eskiz tankou : 1) “Jenerasyon nou an pa te fè Kreyòl lekòl”. Men, gen moun ki nan menm jenerasyon ak nou ki pa te fè Kreyòl tou, e ki konn li Kreyòl ak ekri li. 2) “Kreyòl fè je nou ak tèt nou fè nou mal”. Lè nou byen gade, Angle, Franse, Kreyòl, Panyòl pou nou site lang sa yo sèvi ak preske menm lèt yo. Men, m pa janm tande Angle, Franse, ak Panyòl fè je moun sa yo ak tèt yo fè yo mal. 3) “Kreyòl pa kab ban nou travay ? An nou byen dechifre kesyon sa a. Anpil nan moun k ap di Kreyòl p ap ba yo travay deja gen yon travay. Konnya, èske moun sa yo vle fè nou kwè y ap pèdi travay yo si yo aprann li ak ekri Kreyòl ? Pou sila yo k ap chache travay, e ki deja konnen lòt lang, eske aprann Kreyòl pral diminye chans yo pou jwenn yon travay ? 4) Nou konn Kreyòl deja, se lòt lang nou bezwen. Men, etranje k ap aprann Kreyòl konnen lang pa yo deja tou. Epi, lè nou di nou konn Kreyòl deja, gen yon ti presizyon nou ta dwe pote ; nou konn pale Kreyòl deja. Enben, se rezon sa a menm ki fè l ap pi fasil pou ekri Kreyòl ak li Kreyòl paske ou deja genyen plan lang lan nan tèt ou. Epitou, pale yon grenn lang pou pi piti, tout moun sou latè fè sa, anwetan sila yo, pou yon rezon oswa yon lòt, lanati pa ba yo kapasite sa a. Men, malgre sa, yo gen fason pou yo kominike antre yo. Tout Ayisyen pale Kreyòl. Kidonk, pwoblèm nan se nan nivo ekriti ak lèkti li ye. M ap konprann anpil konpatriyòt mwen yo si yo bay verite a klè ; nou pa vle aprann li ak ekri Kreyòl. Se dwa yon moun pou li fè chwa li vle. Men, sa nou-menm lengwis nou konnen, lang yon moun dòmi leve ak li se vre glas li. Sa vle di, si yon moun pa vle gade tèt li nan pwòp glas li, nou pa ka fòse li fè sa. Se li-menm ak Bondje (li) ki konnen vre rezon an. Frè m ak sè m yo, pa jennen di ou pa konn li ak ekri lang ou. Sa ki ta dwe fè w jennen se lè w ap envante eskiz pou kache volonte ou pa genyen pou aprann li ak ekri lang ou. Jèn sa a jwenn rasin li nan yon lekòl ki fè de twa Ayisyen ki te gen chans ale lekòl kwè yo leve nan dòmi tou konn li ak ekri franse. Mezanmi, ata menm franse ki dòmi leve nan lang lan ak lang lan pase lekòl pou aprann li ak ekri lang yo ! Konpatriyòt mwen yo, li lè li tan pou nou aprann li ak ekri lang nou pou nou konbat prejije lengwistik, pase nou tonbe nan jwe lago kache ak idantite lengwistik nou. Pa bliye pwovèb Kreyòl ayisyen an ki di ; “je ou wont ladan an, se ladan menm ou kriye”. YON BÈL FÈT KREYÒL NAN LAPÈ AK KÈ KONTAN POU NOU TOUT
Jacques Pierre @PJacquespie Duke University


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie