MosaikHub Magazine

Allocution du président élu de la République d’Haïti, Monsieur Jovenel Moïse -

mercredi 4 janvier 2017

Discours du président élu de la République d’Haïti, Monsieur Jovenel Moïse, à l’occasion de la publication des résultats définitifs de l’élection présidentielle ce mardi 3 janvier 2017.

National - Pèp Ayisyen,
Frè m ak sè m yo,
Konpatriyòt mwen yo,

Aswè a na p selebre yon bèl paj listwa. Pajlistwa sa a se nou chak ki ekri li nan dat 20 novanm ki sot pase a. Avèk kat elektoral nou, nou chwazi chemen demokrasi. Avek kat elektoral nou, nou chwazi chemen pwogrè, chemen estabilite politik, chemen pwodiksyon nasyonal, chemen devlopman. Sa vle di chemen lavi miyò pou chak Ayisyen. Ni sa ki rete nan mòn, ni sa ki rete nan plenn, ni sa ki rete nan pwovens ni sa ki rete lavil, ni sa k ap viv lòt bò dlo ni sa k ap viv nan peyi Dayiti, ni sa ki gen po klè ni sa ki gen po nwa, ni sa ki rich ni sa ki pòv.
Nou vote pou Ayiti. M ap di nou mèsi. Mèsi tout moun ki te vote Jovenel Moïse, Nèg Bannann nan. Mwen vle fè nou tout konnen, san vòt nou an, viktwa sa a nap fete jodi a, pa tap posib. Mèsi anpil. Mèsi ankò ! Mwen santi emosyon nou, mwen pataje emosyon nou. Sa montre fyète nou ak sans reskonsabilite nou, sa moutre sakrifis nou prè pou nou fè, pou chanje vizaj peyi a. Paske tout Ayisyen konsekan vle peyi a chanje tout bon vre. Mwen pran devan nou angajman pou m travay ak tout Ayisyen men nan men pou nou mete peyi a sou wout lòd, disiplin ak pwogrè.

M ap remèsye tou moun ki pat vote pou mwen, oubyen ki pat al vote menm, men ki kwè nan Ayiti, ki kwè nan chanjman. Mwen pral travay pou tout Ayisyen san distenksyon.

Jan mwen te fè l apre piblikasyon rezilta preliminè yo, mwen salye tout ansyen konpetitè mwen yo, mwen salye kouraj ak detèminasyon yo. Apre plis pase 20 mwa kanpay elektoral, mwen se moun ki pi byen plase pou konprann tout sakrifis kandida pou pòs prezidan yo te fè. Se pa yon batay ki fasil. Mesye dam konpetitè mwen yo, nou tout ki t ap batay pou Ayiti, m ap di nou aswè a se Ayiti ki genyen. Lè Ayiti genyen, pyès Ayisyen pa ka pèdi. Se nou tout ki genyen. Nan senkan k ap vini la a, nan non Ayiti m ap bezwen eksperyans nou, konpetans ak devouman nou pou n travay ansanm pou chak Ayisyen ka gen manje nan asyèt li ak lajan nan pòch li. Se ansanm pou nou travay pou bati Ayiti chak Ayisyen reve a.

M ap remèsye militan PTHK ki te toujou rete solidè, ki te toujou akonpanye mwen ni nan bon tan, ni nan move tan. M ap di nou mèsi epi bravo pou konkenn chenn viktwa nou bay Ayiti.

Mwen panse aswè a ak militan ki tonbe nan lit la, ki pa la pou fete viktwa sa a. Nan non yo, ak nan non fanmi yo nou kondane pou nou reyisi. Nou kondane pou bati yon Ayiti ala otè esperans yo.

M ap remèsye tout gwoup zanmi ak sipòtè Nèg Bannann nan, tout selil Jovenel Moïse ki nan tout zòn nan peyi a. M ap feliste nou pou tout sakrifis nou fè. M ap salye epi remèsye tout pati politik alye nou yo. Kandida pou pòs prezidan Roland Magloire, Marc Arthur Drouillard, Amos André ki te renonse ak kandidati yo pou te vin soutni kandidati pa m. Mwen di nou mèsi.

M ap salye toutAayisyen nan kat kwen peyi a ki te kontribye nan fason pa yo, ki pèmèt nou te kenbe pandan 20 mwa kanpay la.

Mwen remèsye « du fond du cœur » direktwa PTHK ak tout kad pati a, tout staff kanpay mwen ki travay lannwit kou lajounen, san pran souf, ki pèmèt nou rive la a. Mèsi. Mèsi anpil !

M ap di tout majistra, depite ak senatè yo mèsi pou sipò yo.

M ap remèsye fanmi m espesyalman madanm mwen Martine, bwa dèyè bannann mwen. Merci pour tout !

Mes chers compatriotes,
La victoire électorale,que nous célébrons ce soir, est celle du peuple haïtien qui l’attendait depuis plus de 20 mois. Cette victoire est aussi celle de nos institutions républicaines, des femmes et des hommes qui les font vivre. Cette victoire, c’est la victoire de la jeunesse du pays qui est à la recherche d’une formation, d’un emploi et des espaces de loisirs pour développer ses talents. C’est la victoire de la démocratie. C’est la preuve de la maturité politique du peuple haïtien et de son aspiration à un mieux-être.

Mesdames, Messieurs, cette soirée marque un moment fort dans l’histoire nationale. C’est le commencement d’une nouvelle façon de faire la politique avec un grand P. C’est aussi une nouvelle manière d’entrer dans l’Histoire avec un grand H. Oui,nous devons faire la politique autrement, une politique qui est à la recherche du bonheur pour tous.Une politique qui rassemble et œuvre pour la grandeur de la patrie commune.Une politique qui priorise les intérêts supérieurs de la Nation sur les intérêts particuliers. Nous devons également modifier notre relation au temps, changer nos comportements face aux événements. En tant qu’acteurs de l’histoire, nous allons poser nos empreintes sur le destin national. Oui, nous allons écrire une nouvelle page d’histoire positive d’Haïti afin que les générations futures en soient fières.
Ce soir nous envoyons un signal fort au monde entier.Nous sommes déterminés à consolider les valeurs républicaines qui nous unissent comme peuple libre et indépendant. Nous sommes plus que jamais résolus à raffermir les liens sociaux qui assurent la permanence de la Nation, comme bloc unitaire et indivisible.Ce mandat présidentiel de cinq ans qui m’est confié,en toute liberté, par le peuple,aura pour boussole la volonté agissante et le pragmatisme vigilant opposés à l’immobilisme ambiant. Les réformes, les programmes et les projets nécessaires pour améliorer les conditions de vie de la population seront mis en œuvre.

Mes chères concitoyennes, mes chers concitoyens,

Une élection présidentielle, c’est une compétition ouverte qui permet de choisir un candidat parmi des porteurs de projets différents. La majorité, par son vote, me porte à la Présidence de la République. Mais les électeurs qui ont choisi d’accorder leur vote à un autre candidat, je veux qu’ils sachent que je respecte leur choix. Je serai le Président de tous les Haïtiens sans distinction aucune.
Les Haïtiens ont tant souffert pour construire des institutions démocratiques qui méritent d’être renforcées pour éviter toute forme de dérives des temps révolus. Je m’engage à travailler au renforcement de nos institutions républicaines et à la consolidation de la démocratie dans le pays.
Le vote du 20 novembre indique la volonté du peuple de revenir à l’ordre constitutionnel qui permettra à Haïti de jouer pleinement son rôle sur la scène internationale. Notre pays va partager avec les autres nations ce qu’il a de meilleur en termes de valeurs, d’idées et d’images. Mon administration travaillera avec les pays amis et les partenaires internationaux d’Haïti. La coopération avec les pays amis et les partenaires techniques et financiers( PTF) sera renforcée.

Le 7 février 2017 marquera un tournant décisif dans la façon de gérer les affaires de la Nation. Après des décennies d’instabilité politique et de croissance, je dirais, molle, voire de stagnation économique, Haïti a un besoin urgent d’institutionnalisation de la démocratie et de consolidation du vivre-ensemble. Ce sont les conditions indispensables pour permettre au pays de renouer avec le développement socio-économique et le progrès humain. Dans l’Haïti post-Matthew, la concorde, la paix et la stabilité sont le carburant du train de l’unité nationale et du bien-être collectif. Comme je vous l’ai dit au cours de la campagne, la stabilité est le premier des biens publics.

Avec les Etats généraux sectoriels de la Nation qui seront lancés au début de mon quinquennat, nous allons bâtir un consensus national sur les enjeux du développement national et créer des passerelles de communication permanente entre les différentes élites du pays, leur permettant d’aborder l’avenir avec assurance et transmettre à la génération de demain un pacte pour le progrès et un pays où il fait bon vivre.

Mon administration travaillera afin de garantir la cohésion et l’unité nationales. Elle aura besoin de la confiance des Haïtiens dans les réformes qui seront entreprises. Je sais que vous avez voté pour des maires, des députés et des sénateurs. C’est avec eux que je travaillerai, sans exclusion, pour bâtir une Haïti fière et prospère.

Mes chers compatriotes, ce mandat présidentiel est l’occasion d’entreprendre les réformes nécessaires et d’offrir de meilleures perspectives d’avenir aux citoyens. Le temps de tergiversation avec les intérêts de la Nation est terminé ! Oui, ce temps est terminé !L’Etat doit servir et protéger tout en améliorant le rapport cout/efficacité.

Frè m ak sè m yo,

Ayiti bezwen konpetans ak kapasite chakpitit li, volonte ak patisipasyon chakjennfanm, chak jenn gason vanyan pou li vanse. Li lè, li tan pou diaspora apatisipe tout bon vre nan devlopman ekonomik, sosyalakpolitikpeyi a.

Nou pral travay pou devlope seksyon kominal yo. Nou praltravay pou mete tèyo, rivyèyo, soley la ak moun yo ansanm pou chak Ayisyen ka viv pi byen.
M ap pwofite swete tout konpatriyot mwen yo lasante nan lapè, nan lòd, nan disiplin ak sekirite pou lane 2017 la ! Ke bondye beninou !

Mèsi pèp ayisyen pou bèl viktwa sa a noubayAyiti a !
Viv Demokrasi !
VivPèpAyisyen
VivAyiti !

Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie