MosaikHub Magazine

Pa ni pwoblèm Bloc-notes

vendredi 10 novembre 2017

National -

Moun grangou, granmoun kou timoun. Nou rekòmanse wè timoun vant balonnen, pye atè, prèske toutouni, tout kò yo make mizè, nan sèten katye. Nan pami moun k ap travay yo, yo touche yon grapday ki pa penmèt yo viv vre, peye lwaye, voye timoun yo lekòl. Kanta pou lasante, se degaje gèt ou jan ou kapab, si ou kapab. Pi fò byen ak richès nan peyi a nan men yon ti group moun. Men tou sa pa pwoblèm. Jan yo di an kreyòl gwadloupeyen : pa ni pwoblèm.
Prejije ak diskriminasyon fè mikalaw. Lòtre jou ankò, ak de powèt ayisyen ak yon zanmi etranje n antre yon kote, yo fouye sak Ayisyen yo men yo pa fouye sak zanmi etranje a. Gen lekòl ki pa pran timoun pase yo drèd. Fanm, gason tou, ap badijonnen figi yo ak krèm pou yo vin pi klè. Gwoup mizik rasin yo an difikilte. Kilti popilè a ap pran dlo. Jenès pòv nan lavil yo ap viv san repè kiltirèl, pare pou nenpòt lòbèy, tounen yon pepinyè pou fabrike bandi. Men pa ni pwoblèm.
Pòtoprens, yon vil twa milyon moun pa gen yon sal teyat ni sinema. Gen etidyan ki rive nan Inivèsite san yo pa janm posede yon liv. Lè lapli tonbe, li pa tonbe nan lari sèlman, li tonbe andedan kay ki pa kay, li bwote sa li jwenn. Lontan yo te di, lè yo te vle pale yon moun mal : entèl pa vo yon tèt aransò. Jodi a yo pa di sa. Tèt aransò tounen yon byen ki gen valè. Lè ou jwenn li. Men pa ni pwoblèm.
Ayewopò bade ak moun k ap sove kite yon peyi kote yo pa wè devan yo pa wè dèyè. Nan sèten pòs, ou gen lenpresyon si moun ki nan tèt administrasyon an di A nan domèn li sanse jere a se yon bèt ki mòde l. Pesonn pa sa di men bon lizaj yo te fè ak tèl kòb ki te dwe sèvi pou tèl pwogram oswa tèl aktivite. Men pa ni pwoblèm.
Mwen ka manje de kiyè. Pitit pa m ka al lekòl. Mwen ka chare sa m wè nan televizyon, pale pwenti nan kèk lang mwen pa metrize vre. Kouman ta fè gen pwoblèm ? Mwen kwè nan yon Bondye ki pou mwen sèl : laprèv li aprann mwen malè lòt yo se fòt lòt yo, kouman ta fè gen pwoblèm ? Ideyal mwen se SenDomeng ak Miyami (yo di SenDomeng yo maltrete Ayisyen, men se pa menm Ayisyen ak mwen), m ale kote sa yo souvan. Kijan ta fè gen pwoblèm ?
Sa moun genyen y ap pwoteste, anmède m, deranje m sou kous mwen, fè grèv, plenyen mizè ? Epi moun sa yo k ap plenyen, pwoteste, anmède lemonn, yo lèd, bouch yo pwès, yo gen move mannyè. Yo pa tankou m ki aprann bèl mannyè nan telenovela ak woman pakoti. Sa yo pa chèche yon tou y antre kite bèl moun viv yon bèl lavi nan yon peyi kote tout bagay ap mache byen !
Si tout paragraf ki vin anvan sila a se te yon blag oswa yon karikati, sa pa ta grav. Nou ta ri. Men se pa yon blag ni yon karikati. Gen moun ki avèg. Yo pa sa gade tèt yo ni lèzòt nan glas reyalite sosyal la. Yo pa sa gade reyalite sosyal la. Pwoblèm peyi a kòmanse lè ekspresyon vrè pwoblèm yo pran yon fòm ki kontrarye yo. Sa ki pi komik la, lè yon moun di sa oswa ekri sa yo fache. Depi omwen lanmò Desalin, peyi sa a òganize sou yon prensip enjistis, esklizyon, dominasyon, epi nou te vle pou l pa t janm pete nan figi n ?
Kidonk, an kreyòl, pou tout moun konprann, si ou fache paske, ak kalite yo, ak defo yo tou (pa gen sen ni zanj) gen vwa ki leve pou pwoteste, fache fache w, pa ni pwoblèm.

Antoine Lyonel Trouillot
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie