MosaikHub Magazine

Discours du président Jovenel Moïse aux Gonaïves à l’occasion du 214e anniversaire de l’indépendance d’Haïti

mercredi 3 janvier 2018

Aux Gonaïves le 1er janvier 2018, le président de la République, à l’occasion du 214e anniversaire de l’indépendance d’Haïti, promet de faire émerger le pays économiquement et socialement d’ici 2030. Il annonce aussi le lancement des Etats généraux sectoriels qui, selon lui, permettra à la nation de se mettre d’accord sur comment construire ensemble le pays... Le Nouvelliste publie l’intégralité du discours du chef de l’Etat.

National -

FRÉ M AK SÉ M Yo
Pep Aysyen kap viv an Ayiti e tout kote nan mond lan
Pandan lontan, balans listwa te panche yon bò. Sèten gwoup moun sou latè te reyisi fè pase lide gen moun ki pa moun,e yo kreye yon sistèm pou fè YON KATEGORI moun viv pi mal pase bèt, SAN YO PA genyen okenn dwa. Se sa esklavaj la te ye. Sistèm sa te telman byen monte kel pèmèt gwoup sa yo anchene moun ni nan sèvo yo, ni nan kò yo. Pou yo pa lib, ni nan panse yo ni nan mouvman yo. Sistem sa te dire plizyè santèn lane.
Isit la, yon jou kon jodya nan lane 1804, kote nou ye la a, sou Plas Dam, nan vil Gonayiv, Zansèt nou yo, yon kantite gason ak fanm vanyan, korije balans la. Yo fonde Ayiti. Yo di : Libète se byen tout Pèp, Libète se byen tout ras. Ki vle di : tout moun se moun, egalego.
Premye bagay zanset yo te fè, yo te kase chen ki nan sèvo yo a. Yo te konpran yo se moun menm jan ak tout moun ki, ka panse, ki ka reflechi. Yo te refize kondisyon esklavaj la te enpoze yo a. Tout res bagay yo te vinn posib ,yo te òganize yo pou kombat e chase nan peyi ya pi gwo lame ki te genyen nan epok sa sou latè. Yo tout te kwè , pa genyen anyen ki enposib pou moun ki kwè kel posib.
Istwa sa a, Istwa peyi Dayiti montre nou klè ke lè yon pèp kwe nan yon lide e li angaje l pou l goumen pou li, pa gen sakrifis li pap fè pou realize l, pa gen anyen ki ka bloke l. Lide endepandans ekonomik lan, lide demokrasi ya, lide viv ansanm lan, lide linyon fe lafòs la, lide pou modernize agrikilti pou tè dayti kapab pwodwi manje pou mete nan asyet pitit li, lide pou gen lekol nan tout seksyon kominal, lide pou rebwazman pèmèt nou remanbre tout tè peyi ya, lide pou chak ayisyen viv lakay li dan la diyite, lide poul gen limye lakay li, lide pou l gen dlo nan robinet lakay li, lide poul gen dlo pou rouze jaden, lide pou entenet pemet li konekte avek lemond entye, se lè sa rèv papa Dessalines ap realize nan la vi yo. Se lè nap amelyore eritaj la pou n ka transmet li bay ti moun yon an de bòn kondisyon, se lè sa a nou ka di peyi ya endepandan tout bon vre.
 ?
Pep Ayisyen,
Frè m ak Sè m yo
Libète, endepandans, sete rèv zanset yo, sete siman kite kenbe yo fò e ki te bay yo kouraj pou menen batay la. Yo te fè tout sakrifis, kifè nou ka la jodya. Yo te aksepte goumen, kifè le mond ka sal ye jodya.
-  Se volonte sa kife ke Cappoix La Mort rele « an anvan, an avan », lè cheval li tonbe anba bal paske l te konnen lamò paka genyen laviktwa sou pwojè ke l te pote ya ;
-  Se sa Kifè Dessalines ak Petion te ede Miranda ak Bolivar Batay pou yo te libere lot peyi nan Amerique la ;
-  Se saki fè Ayiti te repon prezan tout kote yo te rele l, pou l ede lot pep jwen endepans yo, menm an Europe ;
-  Se sak kifè Christophe konstwi yon moniman kife fyete pep ayisyen et ki enpresyone le mond antye ;
-  Se sak kifè zanset yo te konstwi plis pase 18 Fò nan tout peyi ya pou yo te ka defan teritwa kont anvayisè esklavajis ki te gen anbisyon rekolonize bout tè sa ak tout fòs ;
-  Se gras a batay Zanset yo Deklarasyon des « droits de l’homme et du citoyen » vini yon realite nan la vi tout pèp sou la tè beni.
Zansèt nou yo te leve yon gwo defi. Yo mete tèt ansanm, yo goumen kont lesklavaj, yo goumen kont kolonizasyon. Gras a sakrifis ak kouraj yo, Ayiti leve dan lemond drapo emansipasyon, dwa pou tout moun viv tankou moun, dwa pou chak Pèp dispoze de tèt yo jan yo vle, nan respè lòd ak lapè.
Kisa nou fè ak eritaj saa ?
An nou reflechi, an nou medite sou pawòl Fondatè a : « libète, lendepandans, se yon byen pou n pwoteje, se yon byen pou n defann. Premye kout kanon ki tire, tout fanm ak gason vanyan reyini, pran lèzam pou defann Nasyon an ». INYON, KOURAJ, SOLIDARITE, youn veye sou lot, youn pwoteje lot, SE SA ZANSÈT YO TE PRECHE NOU, LÈ YO DEPOZE NAN MEN NOU ERITAJ SA A, AYITI, MANMAN, SENBOL LIBÈTE, BYEN LIMANITE !
Kisa nou fè de eritaj saa ??
Menm peyi sa ke tout nasyon sou latè te respekte e onore,PREMYE REPIBLIK NWA E ENDEPANDAN retrouve l jodia nan sityasyon kote pitit li pedi konfyans nan tèt yo,ap kouri ale nenpòt kote pou yo chache la vi miyò. Ki sa n panse ki fè sa ?
De 1804 a jodi a, 214 lane apre, tan ale, tan vini. Nou dwe kesyone tèt nou, mande sa nou fè ak eritaj zansèt yo, sa nou fè ak peyi ya, sa nou deside fè ave l. Eske n pran konsyans de ki kote nou ye e ki kote nou vle ale.
Pwoblem ZANSÈT YO te genyen sèke yo pat rekonet yo kom moun. Yo òganize tèt yo, yo leve defi ya. Yo te fè devwa yo. Èske nou fè devwa pa nou ?
SA NOU FÈ AK ERITAJ LA ?
Fanm ak gason vanyan, pitit 1804 pa ka pè la verité, pa dwe pè la verite.
Map di : an verite, an verite, an verite !
-  kote nasyon an ye la, li pa ka rete ladan l ;
-  Kote nou ye laa, pa sanble nou, se pa plas nou. Kote nou ye la a, se pa sa Louverture, Dessalines, Christophe, Petion, Cappoix La Mort, Gabart, Macadieu te vle pou peyi ya ! Se pa pou sa ye te sakrifye tèt yo ;
-  Rèv la fè twò lontan nan enpas, chirepit, jalouzi. Lavi isit domi twò lontan nan kafou danjere. Mizè, divizyon, koripsyon, ensekirite, layite kò yo twò lontan nan sosyete a ! Enmi an jodia se nou menm, se nan mitan nou li ye, se andedan kè nou ke l ye. Se paske souvan nou pa vle respekte règ jwet yo ki fè peyi ya fèb ;
-  ERITAJ LA MENASE !
Kisa nou deside fè avèk peyi a ? Èske nou pre pou nou leve nouvo defi yo ? Èske nou detèmine pou fè peyi nou, ekonomi peyi nou emèje ? Èske nou pran konsyans, nou analize erè, fot nou fè ki kondwi peyi a nan move chemen ? Èske nou pran konsyans ke nou dwe chanje wout, mete yon pwen final nan move chwa Politik Piblik ? Èske nou konprann ke Ayiti se yonn byen kolektif, yon byen nou dwe fè pwospere pou nou transmèt pitit nou ak pitit nou ?
Jodya, 214 lane apre, li lè pou nou bay bon jan repons ak kesyon sa yo, li lè pou chak grenn ayisyen, paske nou tout konsène, patisipe nan gran konbit nasyonal pou kwasans ak devlopman peyi ya. Linyon ki te fòs 1804 nan batay kont esklavaj ak kolonizasyon, nou dwe fè l reviv pou nou menen batay kont tout sa ki bloke nou sou wout devlopman, pou ka pèmèt demokrasi boujonnen tout bon vre. Se lè tout sitwayen, kelkeswa kote yap viv nan peyi ya, gen menm dwa e konpran tout ke yo gen devwa tou, ke peyi ap vinn libere tout bon vre. Se lè sa nap realize rèv zansèt yo.
Tout Pèp, pou anpil rezon konn trennen sou wout, men pèp pa kon pèdi nan wout ! Kanta pèp ayisyen, nou konnen fòs kouraj li, fòs rezistans li. Si gen echèk, si gen fayit, se nou menm, Elit peyi a, Lidè ak dirijan ki pote responsabilite a. Mwen pap ezite pou m di pèp la ak nasyon ayisyèn nan, lè chanjman sonnen. Sistèm ki lage nou atravè listwa nan esklizyon, nan koripsyon, nan enpinite, nan malsite, sistèm sa kap jenere mizè, esplwatasyon ak sou devlopman, li fini.
Pèp ayisyen, nou te fè devwa nou, nou mete kanpe yon Demokrasi, yon Konstitisyon demokratik. Nan Eleksyon 2016 nou fè m konfyans, nou banm yon manda 5 an pou m travay pou nou, pou m chanje kondisyon lavi nou. Nou vote m, nou vote pwogram mwen, map vanse, map travay pou satisfè bezwen nou nan domèn sosyal, politik, ekonomik, kiltirèl. Map vanse, mwen pap fè bak, lòd kontitisyonèl, prensip avèk mekanis kontitisonèl mande m pou fè respekte manman lwa peyi a, asire bon fonksyonman enstitisyon Leta.
Pèp la pa vote yon sitwayen Prezidan pou sèvi enterè pèsonèl pa l ou enterè ti gwoup moun pa l. Mwen vle pou tout moun konprann, ke jodi a gen yon volonte ki nan tèt Leta ayisyen, kap travay pou zafè Repiblik de Pòtoprens lan fini ! Potoprens konte, res peyi ya konte tout. Efò ap fèt nan kat kwen peyi ya pou evite devlopman fòs kote, pou tout moun ka viv nan la diyite lakay yo, pou yo jwenn bon jan lekol pou pitit yo, pou gen travay, pou n ka valorize byen moun yo genyen tout kote nan peyi ya.
Mwen vle tout sektè konprann, baz demokrasi se pliralis politik, se dyalog, se konsètasyon. Mwen vle tout moun konprann, demokrasi sou gouvénans pam ap garanti ekilib 3 pouvwa yo. Youn pap mache sou pye lòt. Yon demokrati dirab vle di wout lapè, lòd pou satisfè bezwen priyorité popilasyon an e kreye kondisyon pou kwasans ak devlopman.
SÉ M AK FRÉ M YO
Se detèminasyon, se konviksyon, se onè ak respè pou pèp ki fè 1804. Nou aprann leson an. Nou pre pou konstwi yon demokrasi dirab, nou pre pou mezi enstitisyonèl, mezi politik ki ale nan sans konsolidasyon demokrasi. Se konsa nap travay pou pwoteje anviwonman nou, ogmante e divèsifye pwodiksyon nasyonal, lite, lite san mezi kont koripsyon, redwi inegalite sosyal. Gouvènman m nan ap travay pou Ayiti an 2030 antre nan emèjans ekonomik, sosyal.
Nan lide sa a, nan objektif sa a, Gouvenman an lanse KARAVAN CHANJMAN AN. Karavan nan se yon moté ki an mach, se yon rasanbleman, se yon mesaj, ki envite noutout, pou mete ansanm, relve agrikilti, travay pou yon Eta de dwa, yon ekonomi de pwogrè, yon soyete estab. Gwo anbisyon Karavan nan, se mete ansanm té, soléy, dlo, fanm ak gason pou amelyore kondisoyn lavi popilasyon nan tout komin ak depatman.
KARAVAN CHANJMAN, SE YON DYALOG ANT FRÉ AK SÉ ISIT AK NAN DIASPORA POU Ayiti pwodwi richés, kreye dyòb, mobilize mwayen ak konpetans pou leve defi sou wout devlopman. KARAVAN NAN SE MOTÈ YON ELAN KOLEKTIF POU RALYE TOUT SEKTÉ, TOUT MOUN DE BÒN FWA, TOUT AYISYEN KONSEKAN NAN LIT POU YON LòT AYITI, SAN ESKLIZYON, SAN PASPOUKI.
Se menm konviksyon sa a, se menm sousi pou konsolide enstitisyon nou, asire estabilite, respekte Konstitisyon nou, ki pote m remobilize Lame DAyiti. L ap apiye pwojè devlopman, l ap bay sekirite ak apui teknik. LAME AP SÉVI PEYI A, LAP REPRAN TRADISYON AK LESPRI SIVIK, KI TE FÈ LINYON FÈ LAFòS. SÈVIS NAN LAME, SÈVIS NAN LAPOLIS, SE TRAVAY POU ANKADRE PÈP LA, PWOTEJE L, VEYE SOU BYENNÉT AK LAVI L.
Wout la, zansèt yo trase l, yo louvri pòt la pou nou, yo ba nou kle kwasans ak devlopman : valè linion, valè kouraj, valè jistis, valè jenerozite, valè solidarite. Sa nou ranmase nan move moman divizyon, lè a rive pou nou mete yo a kote. Lè a rive pou nou di wi a bezwen chanjaman pèp la mande. Lè a rive pou kreye kondisyon pou nou viv ansanm, pou mete an valè eritaj zansèt yo ba nou. Pou chanje kondisyon lavi nan peyi DAyiti, pou amelyore kondisyon lavi pèp la fòk nou gen yon Leta fò e responsab, yon administrasyon piblik konpetan e modèn, fòk nou elabore de politik piblik ki kapab favorize kreye kondisyon pou envestisman, favorize kwasans ak devlopman.
Frè m ak sè m,
Sa fè 214 lane,zansèt yo mete nan men nou responsabilite yon peyi, sa fè 214 lane, senbòl Libete ak Emansipasyon limanite sou responsabilite nou. Chaj la lou, defi yo anpil. Men pou yon pèp, pou dirijan ki konprann e fidèl a leson zansèt yo, a inivèsalite 1804, pa gen obstak ki ka rete yo sou wout devlopman ak estabilite. Nan lespri sa a, map di nou yon lot fwa anko, se yon devwa pou nou tout ansanm renouvle sèman ki te pèmèt zansèt nou fonde nasyon an : LINYON FÈ LAFòS. Linyon fè Lafòs pou kwasans ak devlopman, Linyon fè Lafòs pou garanti estabilite politik e sosyal, Linyon fè Lafòs pou asire pliralism politik, Linyon fè Lafòs pou konstwi yon demokrasi dirab, nan lòd, lapè, lafratènite.

Mesdames, Messieurs
Peuple Haitien
Ce qui peut nous rassembler n’est plus seulement notre passé réel ou fantasmé, ni non plus une vague idée que nous sommes un même peuple et que nous habitons un même pays. Ce qui va nous rassembler désormais, c’est ce que nous cherchons ensemble, ce que nous voulons faire ensemble. C’est ce que nous croyons ensemble. C’est à cette tâche que les aïeux nous invitent aujourd’hui pour redonner sens à leur sacrifice, revaloriser cet héritage qu’ils nous ont légué et que nous devons transmettre à nos enfants et nos petits enfants, dans de bonnes conditions. C’est pour construire cette croyance supérieure qui va cimenter la société, la fortifier que nous lançons les États Généraux sectoriels de la Nation après les consultations de tous les secteurs de la vie Nationale au cours des trois derniers mois. Grâce à ces assises, nous recueillerons les témoignages, nous trouverons le chemin critique qui nous permettra d’arriver à LA volonté de faire route ensemble. Faire route ensemble, pour une société, c’est apprendre à s’autolimiter pour se donner les moyens de contenir la démesure, les pulsions destructrices qui bouillonnent dans l’inconscient de toute communauté humaine.
Faire ROUTE ENSEMBLE , c’est admettre qu’une loi commune est nécessaire, c’est convenir que l’on ne peut pas faire n’importe quoi. Seule une croyance partagée permet de contenir les dérives populistes, démagogiques, tyranniques, qu’elles viennent du dehors ou du dedans.
Car, il est clair, comme les trois dernières décennies nous ont fait faire l’amère expérience, ne pas s’imposer des limites, récuser ou vouloir s’affranchir de toute tradition, c’est se situer dans le vide, c’est se désagréger tout simplement.
Le temps de la rupture est arrivé. Soyons toutes et tous les dignes filles et fils de 1804 et engageons-nous, inspirés et éduqués par le courage, la vision et la sagesse des Ancêtres à faire les sacrifices qu’il afin de contribuer au développement durable de la Patrie commune et à la restauration de la citoyenneté haïtienne.
Que le DIEU tutélaire de la Nation nous accompagne et nous oriente, qu’il nous couvre de sa sagesse pour réaliser le grand travail de relèvement national.
Bonne fête de l’Indépendance à tous,
Bonne et heureuse année 2018
Je vous remercie !!

Robenson Geffrard
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie