MosaikHub Magazine

AKADEMI KREYOL AYISYEN :Kout je sou lavi akademisyen Ernst Mirville

mardi 27 mars 2018 par Charles Sterlin

Ernst Mirville se youn nan senk nouvo akademisyen ki fenk entegre Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se pa yon entelektyel wòwòt, men se yon moun ki fè esperyans nan plizyè domèn tankou medsin, sosyoloji ak antwopoloji. Li pwomèt l ap mete tout sa li konen nan Akademi Kreyòl la k ap batay pou lang kreyòl ka bay bon jan rezilta.

National -

« Ayiti twouve li nan yon sitiyasyon malouk. Lè nou reflechi byen, lang kreyòl la kapab ede l sòti nan tribilasyon kote li anfale a », se pawòl sa yo Ernst Mirville ki te gen ti non jwèt li Pyè Banbou deklare. Fòk nou di nan epòk ekriven kreyòl yo te kòmanse louvri bouch yo anndan peyi a, sou Franswa Divalye, yo te oblije sere vrè non yo, pou yo te pwoteje lavi yo, lavi fanmi yo, oubyen pou yo te evite prizon. Se poutèt sa Ernst Mirville te gen non vanyan sa a.
Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou) montre l kwè anpil travay Akademi kreyòl la ka pote bon jan rezilta pou sosyete a. « Si tout manm Akademi kreyòl ayisyen fè travay yo kòmsadwa, Peyi Dayiti an k ap sele chwal ledikasyon ki va kondwi l sou wout devolpman lengwistik ak sou chemen lakilti », se sa li fè konnen ak detèminasyon.
Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou) se youn nan teyorisyen Mouvman Kreyòl Ayiti a. Li fèt Pòtoprens nan mwa jiyè 1940. Li fè klas primè li yo nan lekòl Janmari Giyou ak klas segondè l yo nan Tiseminè. Apre sa, li te antre lekòl lamedsin Pòtoprens. Pi devan nan lavi li, li te enskri nan Fakilte etnoloji, kote li te espesyalize li nan sosyo-antwopoloji. Nan mwa mas 1999, Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou) te prezidan Konsèy elektoral ki te organize eleksyon ki te mennen prezidan Aristid sou pouvwa a. Sou sèn politik la, Pyè Banbou te aktif, men se te nan fè travay li kòm medsen epi kòm mounn k ap fè rechèch.
Kontribisyon l nan òganizasyon sosyal ak kitirèl
Ansyen profesè chimi, franse ak kreyòl nan klas primè ak segondè, Dr Ernst Mirville te konn patisipe nan plizyè òganizasyon kiltirèl ak sosyal ki te konn louvri je pèp ayisyen an sou kondisyon lavi li ak sou kilti. Dayè fason lontan sa te kòmanse fè aktivite sosyal depi li te tou piti. Lè li te gen 16 lane, Ernst Mirville te kreye G.N.A.F. (Gwoupaman nasyonal Alfabetizasyon ak fòmasyon). Li te genyen 150 lòt jenn gason ak jenn fi sou kontwòl li. Sitwayen Dayiti sa te manm Koral Simidò, manm Mouvman teyat ouvriye (M.T.O.), manm Iinyon entènasyonal ayisyen kote li te responsab youn pwogram alfabetizasyon.
Dapre lòt enfòmasyon disponib sou lavi gwo mapou sa a, nan lanne 1965, Ernst Mirville (Pyè Banbou ) te lanse òganizasyon Mouvman kreyòl la. Pou te ka bay mouvans jarèt tout bon vre, te gen anpil emisyon radyo ak televizyon ki vin fèt. Nou ka site tankou Emisyon Solèy, Sosyete Koukouy, Lanbi Klib, Gonbo Klib, Koleksyon Koukouy, ASKONNA ( Asosyasyon Konbit Natif-Natal), Gwoup Etid ak Rechèch Kreyòl Ayisyen. Se te teknik li te itize pou kreyòl la te antre nan systèm edikasyon Ayiti a.

Se te yon teyorisyen...
Dr Ernst Mirville te prezan nan akivite sosyo kiltirèl peyi a. Anndan Mouvman kreyòl ayisyen, li te jwe wòl lengwis, sikològ, powèt epi teyorisyen literè. Pwofesè a te kontribye anpil pou fè literati kreyòl la fè chimen tanboubatan. Yo site non Henri-Claude Daniel, yon lòt entèlektyel ki te sipòtel anpil nan travay teyorik li yo nan literati. Potorik gason sa te mouri nan prizon Fò dimanch. Apre sa, lòt moun te vin jwenn li na mouvman sa a pou flanbo kreyòl la te flote byen wo.
Sikyat la, D. Ernst Mirville, te toujou renmen pran pozisyon pou lang li nan pwodiksyon li yo. Nan lane 1966, yon tivan enspirasyon pase nan sèvo l epi fè l tonbe depale : « Par-delà les frontières haïtiennes, nous serons caribéens, par-delà les frontières caribéennes, nous serons américains, par-delà les frontières américaines nous serons - kreyòl -, nous serons humains. » Yon ti tan apre pawòl sa yo, Ernst Mirville te envite tout mond nan festival entènasyonal kreyòl ki te fèt 28 oktòb nan menm lanne a : « Nous les attendons enfin au Festival de la Culture haïtienne, première étape du grand FESTIVAL ENTERNATIONAL KREYÒL. »
Travay teyorik Dr Ernst Mirville yo parèt tou nan liv li a ki rele Rechèch (1979). Nan dokiman sa a li pale sou òtograf lang kreyòl la ak sou fason nou te k ap ekri pwezi kreyòl la aprè demach kont chantè nou yo. Se la tou li prezante nou estil pwezi ekip koukouy yo anndan Mouvman Kreyòl la.
Syantifik Ernst Mirville gen yon pakou pwofesyonèl ak akademik enteresan. Li te manm fondatè konferans rektè yo e prezidan enstitisyon Ansèyman Siperyè yo nan lanne 2004. Li te jwe tou wòl dwayen Fakilte Syans edikasyon nan inivèsite otonòm Pòtoprens nan lanne 2000. Se yon pwofesè/chèchè nan Inivèsite Leta ak nan plizyè lòt Inivèsite prive nan peyi a.
Ernst Mirville alyas Pyè Banbou te jwe wòl Konseye nan Komisyon administrasyon enterimè Fakilte etnoloji nan lane 2002. Dayè se nan fakilte sa menm li fè lisans li nan sosyoloji ak antwopoloji (1971) se la tou li fè metriz nan menm disiplinn lan (1973). Li fè tou plizyè esperyans akademik nan lòt peyi tankou Kadana ak Etazini. Men nan lane 1966, Ernst Mirville te gentan fè lòt etid. Li te gen yon diplòm nan medsin jeneral avan li te fè espesyalizasyon li nan sikyatri nan Sant sikyatrik Mars Kline.

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie