MosaikHub Magazine

Akademi Kreyòl Ayisyen Calixte Jean Grégory : Lang kreyòl la dwe taye banda tout kote

mercredi 18 avril 2018 par Charles

Jean Grégory Calixte se youn nan akademisyen lang kreyòl ayisyen an ki sèmante pou li travay pou yon itilizasyon kòrèk lang kreyòl la nan tout domèn nan peyi a tankou : ledikasyon, lajistis, administrasyon piblik kou prive ak nan domèn piblikasyon syantifik.

National -

Jean Grégory Calixte se yon kad nan nan sekreteri Leta pou alfabetizasyon depi plis pase 18 lane. Dayè, se sekreteri Leta pou Alfabetizasyon ki te rekòmande Jean Grégory Calixte kòm akademisyen. Akademisyen an fè konnen Leta ayisyen dwe pran bon jan dispozisyon pou li mete lòd nan fason divès kouch moun nan popilasyon an ap sèvi ak 2 lang ofisyèl nou yo, kreyòl ak franse.
Direktè biwo amenajman lengwistik la prezante tèt li tankou yon moun ki te angaje li nan defann ak fè pwomosyon lang kreyòl la nan domèn lengwistik ak alfabetizasyon. « Depi nan lane 1995, n ap fè fòmasyon nan teknik alfabetizasyon ak teknik kominikasyon kreyòl pou tout kategori moun nan sosyete a, elèv, etidyan, pwofesyonèl, ak kad nan administrasyon piblik kou prive. Travay mwen kòm fòmatè nan tout rakwen nan peyi a ede m gen bon jan lide sou nivo konpetans popilasyon sou itilizasyon lang lan », se sa li rakonte pou li ka jistifye ti plas pa li a nan Akademi kreyòl ayisyen an.
Jean Grégory Calixte fèt Pòtoprens 4 mas 1968 nan depatman Lwès. Li se pwofesè, tradiktè. Li etidye lengwistik nan Fakilte lengwistik aplike peyi DAyiti. Li di li swiv anpil seminè nan domèn lang. Kòm kad sekreteri Leta pou Alfabetizasyon, li swiv tou plizyè fòmasyon nan domèn edikasyon. Nan menm domèn sa li travay kòm fòmatè. Epitou, li fè yon bann ak yon pakèt esperyans nan plizyè enstitisyon tankou Direksyon amenajman lengwistik, Aksyon kont lafen, sekreteri Leta pou alfabetizasyon, Brigad pou ledikasyon ak devlopman, Enstiti teknolojik Makoni ak Komisyon nasyonal verite ak jistis. Anplis tout bagay sa yo, li fè konnen li travay anpil sou teren. Plizyè fwa li patisipe kòm entèvenan nan plis pase 50 seminè fòmasyon pou fòmatè nan lang kreyòl.
Jean Grégory Calixte di li patisipe kòm responsab pwodiksyon nan yon ansanm piblikasyon sekreteri Leta pou Alfabetizasyon. Nou ka site kèk dokiman tankou : Syans eksperimantal I-II, 2000-2001, Gid Anseyan, 1999-2000, Aprann # 1 ak Aprann # 2, 1999-2000, 52 Klas Radyo, 1999-2000, Kat chemen konnen, 1995-1996, Kijan pou nou montre granmoun li ak ekri, 1995-1996 ak An n aprann kouche chif sou papye, 1995-1996.

Jean Grégory Calixte pwofite fè lwanj ak konpliman pou Akademi kreyòl ayisyen ki se yon enstitisyon ki dwe pran desten li nan men l.

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie