MosaikHub Magazine
Akademi Kreyòl Ayisyen

Rogéda Dorcé Dorcil : « Popilasyon an dwe kwè nan lang li »

vendredi 20 avril 2018 par Charles

Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil prezante vrè wòl akademi kreyòl la nan yon entèvyou li bay jounal Le Nouvelliste. Daprè li, akademi an dwe travay pou fè pledwari nan tout kwen nan sosyete ayisyen an pou fòse tout moun konnen kreyòl la. Akademi an ka ankouraje enstitisyon k ap travay nan kesyon lang kreyòl espesyalman pou yo kontinye fè travay yo ak plis konviksyon epi plis detèminasyon.

National -

Rogéda Dorcé Dorcil fè konnen yon lang pa oblije gen yon Akademi pou fè li vanse. « Nan tèt anpil moun, lang kreyòl la bezwen yon Akademi pou ede l devlope. Se prèske sa ki lespri atik 213 Konstitisyon 1987 la ki kreye Akademi an. Men yon lang pa oblije gen yon Akademi pou fè li vanse. Sa ki pi enpòtan se popilasyon an ki bezwen kontinye ap pale lang li, kwè nan lang li », selon sa li fè konprann avan li esplike pi lwen : Men lè nou konsidere kesyon an sou aspè sosyolengwistik, lè nou konsidere kijan kesyon lang yo ti kras konplèks nan peyi a, lè nou konsidere kijan kesyon pèsepsyon negatif yo vin lage kèk tabou sou kesyon lang n ap pratike nan peyi a, ni kreyòl ni fransè, nou wè li enpòtan anpil pou yon enstitisyon konsa egziste nan peyi a.
Daprè lengwis la premye wòl yon Akademi kreyòl ka ranpli, se lè li travay pou fè pledwari nan tout kwen nan sosyete ayisyen an pou fòse tout moun konnen kreyòl la se yon lang menm jan ak tout lang, yo fèt pou respekte li, yo fèt pou konsidere moun ki pale lang sa a. Anmenm tan an tou, li ajoute, Akademi an ka ankouraje enstitisyon k ap travay nan kesyon lang kreyòl espesyalman pou yo kontinye fè travay yo ak plis konviksyon epi plis detèminasyon.

Dayè atik 6 nan lwa ki kreye Akademi kreyòl la klè sou sa. Men sa atik la di :
Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li : 1) Pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan ; 2) Pran tout dispozisyon pou ankouraje enstitisyon ak moun k ap pwodui nan lang kreyòl la suiv prensip ak regleman lang nan ; 3) Pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la. 4) Pran tout dispozisyon pou ede epi ankouraje tout biwo leta - kit se pouvwa egzekitif, kit se pouvwa legislatif kit se pouvwa jidisyè - respekte Konstitisyon an nan zafè lang. 5) Sèvi kòm referans pou lang kreyòl la pou tout sa ki konsène estandadizasyon lang nan kit se nan peyi Ayiti kit se nan lòt peyi kote Ayisyen yo tabli ; 6) Fè tout sa ki nesesè pou Ayiti jwe wòl li kòm lidè nan monn kreyolofòn nan.
Potorik gason sa, Rogéda Dorcé Dorcil, fèt nan lokalite Fòjak, komin Petyonvil nan mwa jiyè 1957. Li di li te enterese ak lang kreyòl depi li te tou piti nan lekòl primè kote yon tonton li te ankourajel anpil anpil. Depi oktòb 1980, li antre nan Fakilte Lengwistik Aplike ki te rele « Centre de Linguistique Appliquée de Port-au-Prince », lè sa a, li te etidye syans lang. Apre etid la nan nivo lisans ki te dire 3 lane (1980-1983), li te jwenn yon bous etid pou peyi Lafrans kote li te al fè yon metriz nan syans langaj nan Inivèsite Franche Comté, Besançon. Aprè etid sa lotbòdlo, li vinn dirije Fakilte lengwistik nan lane 2012. Men fòk nou raple Rogéda Dorcé Dorcil etidye teyoloji, l ap egzèse ministè pastoral depi lane 1985. Li prezante tèt li tankou yon moun ki renmen etidye e ki pap sispann etidye. Rogéda Dorcé Dorcil pa gen lontan li fe yon lòt metriz nan “Syans edikasyon” nan Inivèsite Wesleyèn Enndiana (Indiana Wesleyan University). Jounen jodi a, l ap prepare yon lòt metriz nan teyoloji nan menm Inivèsite sa a.

Pou fini, pwofesè lang ak literati a fè konnen li reyalize, li patisipe tou nan plizye rechèch deja sou zafè lang an patikilye sou lang kreyòl. Dirèktè Enstiti Teyoloji Evanjelik DAyiti a di li pibliye plizye dokiman nan lang kreyòl tankou Neyoloji leksikal an kreyòl ayisyen : Vokabilè sou politik an Ayiti ak yon diksyonè sou lang lan.

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie