MosaikHub Magazine

Ayiti-Kriz : Yon rezo òganizasyon politik ak sosyal denonse posiblite yon tranzisyon « tèt chat »

dimanche 3 novembre 2019 par Charles

Ekri jou sanmdi 2 novanm 2019

Pòtoprens, 02 novanm 2019 [AlterPresse] --- Mouvman patrotik demokratik popilè (Mpdp), yon rezo òganizasyon politik ak sosyal, denonse sa yo rele yon tranzisyon « tèt chat », ki ta ap prepare nan sitiyasyon michan kriz politik la, kote peyi a plonje jodi a, dapre yon kominike yo voye bay AlterPresse.
Nòt Mpdp a apiye tout mobilizasyon, k ap fèt depi anviwon 8 semèn, pou mande prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a, pou kouri dèyè palman an epi refonde sosyete a.
Men, kominike rezo òganizasyon Mpdp yo denonse yon plan, ki ta genyen ant fòs entènasyonal ak yon ti klik ayisyen, pou enpoze yon tranzisyon « tèt chat ».
Òganizasyon yo fè konnen yo apiye tout inisyativ pou jwenn « solisyon ayisyen natif natal konsète ».
Yo kore inisyativ Pasrèl/Pasaj, yon kantite plis pase 100 òganizasyon plizyè sektè tabli, pou fasilite chèche solisyon nan kriz la.
Mpdp pwofite voye yon pinga tou pou mande estrikti sa a rete nan wòl fasilitasyon li, san li pa tounen zouti nan men okenn sektè poltik, sosyal osnon ekonomik, ni okenn pisans, osnon òganis etranje.
Pòtoprens ak plizyè lòt zòn nan peyi a toujou bloke oubyen paralize nan kad mouvman k ap fèt, depi mitan mwa septanm 2019 lan,pou mande Jovenel Moïse bay talon l.
Nan mouvman sa a, 42 moun pèdi lavi yo epi 86 lòt deja blese, dapre bilan ki soti bò kote Wo komisarya Nasyonzini pou dwa moun.
Chif, ki soti nan nivo lokal, fè konnen se plis pase 200 moun ki blese, depi dat 15 septanm 2019 lan. [apr 02/11/2019 16:00]


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie