MosaikHub Magazine

Bezwen chante Se mwen abdenwèl ki pou fè nwèl...

lundi 9 décembre 2019 par Charles

Bezwen chante
Se mwen abdenwèl ki pou fè nwèl ou bèl
Fèt Nwèl la rive. Avan w bat je w nan nwit 24 desanm sou nou. Tout jounen 25 desanm nan nou pral fete tankou tout ane, anivèse nesans ti Jezi. Chak mwadesanm an Ayiti meloman yo fredone ak kè kontan « Se mwen abdenwèl », yon chante Lionel Benjamin kite pou nou an eritaj. Fèt Nwwèl pa dire lontan. Nou ta renmen goute kèk jou ; konsa lanmou Bondye ta desann nan kè nou. Konsa nou te kapab panse ak pwochen nou yo ; nou te kapab lonje men ba yo, fè yo santi Ayiti se peyi pa yo tou. Solèy Ayiti se paradi pou tout kè ki louvri pou lanmou. Se nan lanmou sa Le Nouvelliste envite w chante « Se mwen abdenwèl » pou peyi nou ka bèl. Nan melodi sa nou ka enspire pou n bay Ayiti yon chans. Lage peyi a tande. Lage l.

[Intro]
Ding dong, ding dong, ding dong ding (4x)
[Hook]
Se mwen abdenwèl ki pou fè nwèl ou bèl (2x)
[Verse 1]
Depi mwen piti, mwen te toujou di
Fò m pouse rasin pou m kapab byen grandi
Fòk mwen vin gwonèg pou yo wè m anfòm
Pou mwen byen kanpe pou yo wè m tou pare
M’a desann lavil sou yon do kamyon
Fò w fè ti soufri anvan w’al nan salon
Men jou nwèl rive, si m byen abiye
Se mwen ki pou fè ke nwèl ou vinn bèl
[Hook]
[Verse 2]
Jou 24 rive fò m byen dekore
Met girlande sou mwen, ou pa bezwen jennen
Mwen renmen limyè k’ap limen tenyen
Ban m anpil limyè ak zetwal nan tèt mwen
Mete boul nan kè m, yo mèt tout koulè
Men pa bliye pye m, yon ti mous pou chofe m
Met ‘on ti Bondye menm si l anba pye m
Se sa ki pou fè ke nwèl ou bèl
[Hook]
[Verse 3]
Lè nwèl finn pase, jou Lèwa rive
Mwen fin deseche, yo jete m nan dife
Men m’fè sa pou m fè, m’pa regrèt anyen
Yon nwèl fin pase, yon lòt va tounen
[Hook]
Lionel Benjamin

Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie