MosaikHub Magazine

Akademi Kreyòl Ayisyen an selebre 5è anivèsè l...

mardi 10 décembre 2019 par Charles

Akademi Kreyòl Ayisyen an selebre 5è anivèsè l
Akademi Kreyòl Ayisyen an selebre 5è anivèsè l, jodi 4 desanm 2019 la, nan lokal li, nan ri Marguerites, Turgeau. Sa fè 5 lane depi Leta ayisyen te kreye enstans sa nan peyi Ayiti pou regile lang kreyòl la. Nan okazyon sa, responsab yo te òganize yon jounen pòt louvri, epitou pale ak laprès sou tout sa akademi an reyalize deja pandan 5 lane pase yo, ak sa yo genyen pou yo reyalize nan lane k ap vini yo.

Publié le 2019-12-04 | Le Nouvelliste
« Nan non Akademi an, mwen voye yon gwo kout chapo pou tout enstitisyon piblik kou prive ki se patnè AKA. Kolaborasyon yo pandan 5 lane sa yo pèmèt lespwa boujonnen, e jodi a peyi Ayiti kapab fyè paske li genyen yon enstitisyon k ap travay pou fè lang popilasyon an respekte kòmsadwa. Nou fyè konstate tout ayisyen esprime yo lib e libè an kreyòl », nou t ap site prezidan konsèy administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, monseyè Pierre André Pierre, nan diskou li te bay, mèkredi ki te 4 desanm lan, nan okazyon 5è anivèsè Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA).
Depi 5 lane, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap travay pou l pèmèt lang kreyòl lan gen plas li tout bon, jan konstitisyon an rekonèt sa. Pandan 5 lane sa yo, akademisyen yo reyalize yon pakèt travay nan kad misyon yo genyen ki se regile lang kreyòl la. Yo fè sansibilizasyon, yo chita pale ak divès sektè nan sosyete a sou koze lang kreyòl la. An 2016, akademisyen yo te pran premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen an. Yo te adopte dispozisyon tankou sou alfabè kreyòl la, fòm long ak fòm kout mo yo, apostwòf elatriye. Rezolisyon sa reprezante yon gwo pa pou AKA, men gen anpil bagay ki rete ki pou fèt ankò.
« Nou deja sou yon bon chemen, menmsi nou rekonèt wout ki rete pou fèt la long anpil, anpil. Men ak volonte, detèminasyon ak patisipasyon nou tout n ap rive kanmenm », nou t ap site toujou prezidan konsèy administrasyon AKA a. Li te pwofite pou l fè konnen tou volonte akademi an pou lang kreyòl la pran pi gwo espas nan lekòl ak inivèsite, nan administrasyon piblik la tankou prive, yon fason pou kominikasyon piblik kapab tounen yon zouti pou enfòme popilasyon an olye yon enstrimen ki kapab mete li sou kote.
Akademi Kreyòl Ayisyen ap travay anpil san kanpe. Yo pa rete sou sa yo fè sèlman. AKA a genyen anpil pwojè l ap travay sou yo e li antann reyalize yo nan ane k ap vini yo. Kèlke nan yo se : dezyèm rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la, amannman lwa kreyasyon akademi an, lansman gran pri literè Akademi Kreyòl Ayisyen, piblikasyon premye diksyonè tèminolojik jiridik an kreyòl ak konstriksyon yon kanmpous sou teren li genyen nan Mòn blan, nan komin Gonayiv.
N ap raple ke Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstans ki la pou l pèmèt devlopman lang kreyòl ayisyen an nan lòd ak disiplin selon prensip lasyans. Nan dat yo te kreye akademi an ki se 4 desanm 2014, komite seleksyon akademisyen yo te prezante 33 premye akademisyen yo ki soti nan divès enstitisyon. Jounen jodi a AKA genyen 36 akademisyen.

Elien Pierre elienpierre60@yahoo.com


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie