MosaikHub Magazine

Yo te pale w, ASE !

jeudi 1er octobre 2020 par Charles

Pa gen sekrè nan fè kola. Fòk yon moun fou nan tout kò tèt li pou li ta di peyi a gen yon avni ak Jovenel Moïse/PHTK nan tèt li. Peyi a pa menm gen yon prezan, e eleman ki pozitif nan ayè nou vanse pèdi yo, si tèlman chak jou se yon bagay anplis ki ap kraze, yon anfonsman anplis yo, yon valè anplis k ap disparèt, yon kafouyay anplis, yon lòbèy anplis.

Krim ap fèt. Ankèt pa ka abouti. Plis yo rive pre moun ki pre pouvwa a, plis yo pa ka abouti. Lajan ap gagote nan pwojè san kontwòl. Menas ap fèt sou sitwayen. Minis ap di koze ki pa dwe soti nan bouch minis. Sa k ap bay manti, sa k ap fè menas sou fanm, sou opozisyon, sa k ap mande enpinite pou zanmi yo. Vyolans ap fèt. Gang ap fè ekzaksyon nan katye popilè. Polisye an kòlè ap mete presyon. Nanpwen jou san kouri, san panik, san laperèz pa kouvri peyi a. Lekòl swadizan louvri, men ki lekòl ? Tout sa pouvwa a fè se dezòd ak enjistis li kreye. Se divizyon li kreye pi mal ant rich ak pòv, ant moun ki sou pouvwa yo ak majorite peyi a k ap soufri.

Peyi a tounen yon machin ba direksyon l kase, yon kannòt k ap neye nan pwòp toubouyon l. Yon sèl solisyon sajès ki genyen, se yon akò politik pou wete Jovenel Moïse/PHTK sou pouvwa a e angaje peyi nou an sou wout yon tranzisyon ki pral difisil. Wi, l ap difisil, men ki lòt solisyon ki genyen ? Pa p gen lapè ni eleksyon, ni yon lavi nòmal pou pèsonn, ni yon soulajman pou majorite a k ap soufri tout tan Jovenel Moïse rete sou pouvwa a. Eske n ap kite peyi a pouri sou plas paske nou pa konn sa demen ap ye ? Demen an se nou ki pou fè l. Nou konnen sa jodi a ye. Yon enpas, yon kafou tenten nou pa p janm sa janbe ak pouvwa sa a. Nou pa konn sa demen ap ye, se sa moun ki pè tranzisyon yo di. Men nou konn sa jodi a ye : yon enpas ki pa p debouche sou ankenn demen.

Moun ki pè tranzisyon yo, sa yo te fè pou anpeche sa rive la ? Yo pa t wè se nan engouvènabilite Jovenel Moïse/PHTK t ap mennen peyi a, anba kout enkonpetans, koripsyon, represyon ! Yo pa t wè te gen yon pèp ki t ap rele anmwe, ase, twòp enjistis, mwen se moun tou, fòk mwen ka viv yon jan ki sanble jan moun viv ! Anpil nan yo t ap fè bouch pwenti tilititi, refize tande pèp la ni ba li pale. Yo te fèmen tèt yo nan abitid yo, ap jwi ti privilèj yo. Jodi a katastwòf la rive, yo kontinye fèmen je yo, yo di an nou rete nan katastwòf la kant yo konnen trè byen ayen pozitif pa ka soti nan kontinye nan sa nou ye la a.

Solisyon sajès la se yon tranzisyon ki pral difisil, k ap mande sakrifis. Ijans lan se yon akò ant Ayisien pou òganize yon tranzisyon. Si se pa sa, nan jan pa l, majorite a ap reponn tak pou tak kont tout abi li sibi, l ap fòse sa k pa vle tande resi tande. Chak jou Jovenel Moïse/PHTK ap gagote avni peyi a, chak jou pèp la ap reponn li ; mwen te pale w, ASE.

Antoine Lyonel Trouillot
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie