MosaikHub Magazine

RANSON AN Li mande reparasyon,yo ba li egzi

samedi 28 mai 2022 par Charles Sterlin

Yon prezidan Ayisyen popilis eseye fè regleman akLafrans pou tout tan Lafrans t ap esplwate Ayti.Yon ti tan apre yo mete l atè sou pouvwa a.

By Constant Méheut, Catherine Porter, Selam Gebrekidan and Matt Apuzzo
May 20, 2022
Read in EnglishLire en français
Chòk la parèt nan mitan diskou a.

Jean-Bertrand Aristide, prezidan popilis Ayiti a di “reparasyon” byen fò, pandan kiltivatè, travayè ak etidyan ki te nan foul la ap bat gwo bravo.

Anbasadè fransè a ki te chita sou podyòm nan kache santiman li dèyè yon souri dwòl. Li te konnen Mesye Aristide ase pou l te sipoze li pral voye kèk pwent sou ansyen kolon fransè yo ak ansyen mèt esklav yo. Men jou sa a, 7 avril 2003, toudenkou prezidan an kòmanse mande reparasyon. Se te yon kout kanno ki te vin mak fabrik li kòm prezidan, epi se kounye a kèk diplomat ap admèt se youn nan bagay ki te lakòz yo mete l atè.

Lè Yves Gaudeul, anbasadè fransè a, tande demann reparasyon Mesye Aristide la, anbasadè a di : “Nou te oblije eseye chanje konvèsasyon an.” Li rele kalite pawòl sa a “yon esplozyon.”

Avèk remak sa yo, Mesye Aristide eseye detere yon istwa ki toujou antere an Frans. Apre anpil tan lè Ayisyen fin wete chèn nan pye yo, bat lame Napoleon an epi pran endepandans yo sa gen 200an, Lafrans tounen ak kèk bato lagè epi ak yon seri demann moun pa janm tande anvan : pou Ayisyen peye ansyen mèt esklav yo yon pakèt lajan oubyen fè lagè ankò.

Ayiti vin premye nasyon epi sèl nasyon ki peye ansyen mèt esklav li yo ak pitit pitit mèt esklav li yo reparasyon pandan plizyè jenerasyon. Dapre analiz New York Times fè nan anpil dosye, Ayiti transfere plizyè santèn milyon dola bay Lafrans, sa kòmanse yon dosye dèt an pèmanans ki koupe kapasite Ayiti pou l bati yon nasyon pandan plis pase 100 an.

Malgre tout sa, yo pa menm anseye istwa sa a nan lekòl fransè, epi anpil nan pi gwo fanmi aristokrat pa menm okouran zansèt yo te kontinye ap resevwa pèman nan men moun ki pi pòv ann Ayiti, byen lontan apre lesklavaj fini.

Mesye Aristide, premye prezidan d Ayiti yo te eli demokratikman apre plizyè ane diktati, te vle pou Lafrans fè plis pase admèt sa l te fè nan tan lontan. Li te vle restitisyon.

Li di popilasyon an : “Ala bèl lekòl, ala bèl inivèsite, ala bèl lopital nou pral kapab bati pou pitit nou yo !” Apre sa, li di : “Ala manje k pral genyen a gogo !”

Konsekans yo pa t pran tan, epi yo te dire. Nan kèk entèvyou ak

plizyè politisyen fansè epi ak plizyè politisyen ayisyen yo dekri kouman Lafrans te aji tousuit epi ak anpil detèminasyon pou yo toufe demann reparasyon Mesye Aristide yo anvan l dakò ak opozisyon l lan epi pandan l ap kolabore ak Etazini pou wete l sou pouvwa a.

Lafrans ak Etazini toujou di demann Mesye Aristide nan zafè restitisyon an pa t gen anyen arevwa ak dechoukaj li sou pouvwa a. Yo di li te kòmanse pran wout otokrat, li pèdi sipò kontwòl peyi a, epi yo te pati avè l ann egzil pou evite Ayiti, ki te deja gen kèk pwoblèm, tonbe nan yon sitiyasyon ki pi grav. Men, Thierry Burkard, anbasadè Lafrans ki te ann Ayiti nan epòk la, te finalman admèt nan yon entèvyou, Lafrans ak Etazini òganize “yon koudeta” kont Mesye Aristide, epi rezon ki fè yo te wete l tousuit la “pwobableman se te akòz” demann li te fè Lafrans pou reparasyon an tou.

Mesye Burkard fè remak sa a : “Sa te fasilite travay nou” pou n pa t bay afè restitisyon an enpòtans pandan Mesye Aristide pa sou pouvwa a.

Konfwontasyon sa a montre kouman koze sa a kontinye ap domine politik tou 2 peyi yo, 2ooan apre Lafrans fin fòse Ayisyen peye ansyen mèt esklav yo pou yon libète yo te deja genyen nan batay. Lè Ayiti mande restitisyon an, antan yon nasyon ki te bay tèt li endepandans nan rebelyon esklav ki te pi byen reyisi nan lemonn, dapre sa kèk istoryen deklare, sa te atake idantite nasyonal Lafrans kòm yon peyi ki yon lidè nan afè dwa moun. Demann sa a te kab ankouraje lòt peyi ki gen doleyans istorik kont Lafrans pou yo ta suiv egzanp Ayiti a tou, depi nan Karayib la rive jis ann Afrik.

Mesye Gaudeul di : “Ayiti te ban nou degoutans anpil.” Epi li ajoute : “Nan fon kè nou, nou p ap janm padone Ayiti, paske se peyi sa a ki te bat nou.”

Menm apre yo te fin dechouke Mesye Aristide an 2004, demann pou restitisyon an pa janm sispann, sa vin fè François Hollande fè anpil moun sezi lè l vin bay legen sou afè restitisyon an 10 an apre. Ansyen prezidan Lafrans lan di lajan sa a Lafrans te fòse Ayiti peye a se yon “ranson pou endepandans.”

Depi lè sa a, kèk save kontinye fouye plis nan istwa pèman sa a Ayiti te fè a. Nan mwa desanm ki sot pase a, nan yon konferans yo fè nan Ministè Finans fransè a, Jean-François Brière, youn nan istoryen fransè ki pi koni nan relasyon ant 2 peyi yo, rele kalite pèman sa a yon “esklavaj depase” epi se sa ki te anpeche Ayiti libere tèt li anba Lafrans, lontan apre endepandans li.

Jean-Marc Ayrault, yon ansyen premye minis fransè deklare istwa Lafrans ann Ayiti se yon “sijè ki touche tout pèp fransè a.” Malgre sa, li di, elèv lekòl an Frans pa aprann anyen sou sa epi pa gen anpil ofisyèl ki pale de sa. Li di : “Yo pa janm anseye istwa sa a.” Li ajoute : “Yo pa janm esplike istwa sa a.”

$21,685,135,571.48
Mesye Gaudeul, ansyen anbasadè fransè ann Ayiti a, te vle negosye.

Toudenkou, Mesye Aristide mande restitisyon. Nouvèl sa a tonbe tankou yon grenad politik. Mesye Gaudeul te gen enkyetid nouvèl la kab fè Lafrans wont devan tout lòt peyi epi gate amitye ant Ayiti ak Lafrans.

Malgre sa pozisyon Mesye Aristide la te rezonab, li sonje li t ap di tèt li.

Sou kesyon istwa Lafrans ann Ayiti a, Mesye Gaudeul di : “Se pa t yon bagay ki pa kòrèk pou Mesye Aristid di valè domaj sa te lakòz nan peyi l la, epi pou l mande Lafrans peye pou sa.”

Anbasadè a di li ankouraje gouvènman fransè a kòmanse yon dyalòg ak Ayiti sou sa pou ede kalme sitiyasyon an, men yo te refize kategorikman.

Mesye Gaudeul di : “Mwen pa t konprann kouman nou te kab fè enbesil kon sa.”

Mesye Aristide, yon lidè ki ankouraje divizyon ki monte sou pouvwa kòm yon moun ki pral defann kòz sa ki pi pòv yo, li te konnen demach li yo t ap mennen diskisyon epi li te chwazi moman sa a pou sa te kab gen yon efè maksimòm : li anonse nouvèl la jou 200tyèm anivèsè lanmò Toussaint Louverture, lidè revolisyonè ayisyen. Solda fransè yo te pran li sou zòd Napoleon epi mennen l nan prizon an Frans, kote l mouri san jijman.

Pandan youn nan ra entèvyou Mesye Aristide t ap fè lakay li, li poze tèt li kesyon : “Pou ki sa apre 200 an, Ayiti pòv nan pwen sa a ?” Li di youn nan rezon yo, se tout valè lajan sa a Lafrans te fòse Ayiti peye pandan plizyè jenerasyon, se yon gwo fado, anpil fwa yo rele l “dèt endepandans lan.”

Mesye Aristide dekouvri istwa sa a jis apre yo te deja wete l sou pouvwa premye fwa a, dapre sa moun ki t ap travay avè l yo di apre koudeta militè a an 1991 ki te fòse l al ann egzil nan peyi Etazini. Li te kòmanse aprann anpil bagay sou istwa Ayiti, malgre l

te prezidan d Ayiti, li pa t pwofonde nan istwa sa a.

Apre ameriken ede remete l sou pouvwa a, popilasyon an te vote l ankò an 2000 epi li kontinye fouye pi fon nan istwa sa a. Francis Saint-Hubert se yon doktè ayisyen ki te etidye koneksyon ant move eta sistèm swen sante ann Ayiti ak valè lajan Lafrans te pran Ayiti. Li di : “Mesye Aristide te konn rele m plizyè fwa pou l mande m plis enfòmasyon.”

Jou 200 zan anivèsè Ayiti a, Mesye Aristid fè sitiyasyon politik la vin pi cho lè l anonse montan egzat li di Lafrans te dwe Ayiti a : $21,685,135,571.48 dola.

Kèk diplomat fransè ak kèk Ayisyen te pase montan plizyè milya dola sa a nan tenten kòm yon demagoji yon demagòg t ap fè pou eseye kenbe kontwòl pouvwa a. 130 entèlektyèl ayisyen denonse kanpay restitisyon an tankou yon “tantativ dezespere” pou wete atansyon moun sou aksyon gouvènman Aristid la ki te chita sou “yon sistèm totalitè, epi sou enkonpetans ak koripsyon.”
Yon pòt pawòl Afè Etranjè fransè an Frans di Lafrans pa bezwen okenn “leson” nan men lidè ayisyen.

Dapre kèk analiz New York Times fè sou domaj sa lakòz lè Ayiti voye tout valè lajan sa yo bay Lafrans, pou jan yo t ap pase chif Mesye Aristid te bay la nan betiz, analiz la montre chif sa a te prèske egzat.

An reyalite, estimasyon l lan te kab menm twò ba.

New York Times tcheke plizyè milye paj dokiman gouvènman ki nan achiv pou n kalkile ki valè lajan Ayiti voye bay Lafrans pandan plizyè jenerasyon, se pa chif ofisyèl Ayiti te voye peye ansyen mèt esklav yo sèlman, gen valè lajan Ayiti te peye nan prete lajan pou peye moun sa yo tou. Nou dekouvri Ayiti peye Lafrans yon total $560 milyon dola dapre sa lajan an vo kounye a.

Sa a se kantite lajan Ayiti pèdi a sèlman. Avèk konkou 15 gran ekonomis toupatou sou latè a, nou prepare yon egzanp sa k te ka pase si valè lajan sa a te rantre nan ekonomi peyi a, olye yo te voye li an Frans san Ayiti pa jwenn ni machandiz ni sèvis pou li.

Estimasyon nou fè yo montre pèman Ayiti voye bay Lafrans yo koute Ayiti ant $21 milya dola ak $115 milya dola kòm pèt
devlopman ekonomik. Lè w mete sa an pèspektiv, se yon kalkil ki ant 1 a 8 fwa tout ekonomi Ayiti an 2020.

Nan entèvyou a, san pèsonn pa di l ki rezilta analiz Times la bay, Mesye Aristide di : “N ap trase chemen pou n rive nan verite a.”

Fransè yo defann tèt yo
Demann Mesye Aristid tap fè pou reparasyon yo te vin pi angran toujou. Bandwòl, afich sou defans machin, reklam gouvènman ak grafiti te toupatou nan tout peyi a.

Gouvènman an anboche yon kabinè avoka an Frans ki rele Bichot Avocats, ak pwofesè dwa entènasyonal Günther Handl, pou yo ekri agiman legal epi pou yo jwenn yon tribinal kote Ayiti te ka plede kòz li a, selon konbyen santèn paj dokiman ak echanj imel jounal New York Times te egzaminen pou premye fwa.

Gouvènman an pa sanble l t ap gen chans pou l genyen ka sa nan tribinal. Men tout travay avoka yo te fè a pa t plis pou yo te genyen yon pwosè men pou mete presyon sou gouvènman Lafrans.

Nan yon imel Mesye Handl voye bay Ira Kurzban yon avoka ameriken ki t ap travay pou gouvènman Ayisyen an, Mesye Handl ekri : “Atan yon pati nan estrateji li Ayiti dwe fè Lafrans konnen” gen bon jan opòtinite “pou met koze Lafrans nan lari.”

Pwennvi Lafrans kòmanse chanje sot nan degoutans rive sou enkyetid, espesyalman lè Mesye Aristid mande lòt koloni antre nan konba l la. Lafrans voye Mesye Burkard yon nouvo anbasadè al Ayiti, li te wè kanpay restitisyon sa a tankou yon “pyèj” ki te riske kòmanse tout yon seri demann kon sa nan ansyen lòt koloni fransè yo.

Mesye Burkard di : “Algerie kab fè demann, majorite koloni nou yo kab fè demann tou. Bagay sa a pa gen bout. Sitiyasyon sa t ap kreye yon presedan yo t ap blame nou anpil pou yo.”

Lafrans aji tousuit. Kou Mesye Burkard rive ann Ayiti, Minis Afè Etranjè Lafrans lan lanse yon komisyon ki gen alatèt li Régis Debray, yon filozòf ki koni. Yo te bay komisyon an responsablite pou l jwenn mwayen pou amelyore relasyon ant Lafrans ak Ayiti. Men an prive yo te fè komisyon an yon demann klè dapre Mesye Burkard ak Mr. Debray : se te chanje konvèsasyon an pou wete l sou afè reparasyon an.
Mr. Burkard, ki pran retrèt li kounye a, di yo te di Mesye Debray “pou l pa di anyen an favè restitisyon.”

An desanm 2003 vwayaj komisyon an ann Ayiti te fèt sou tansyon, dapre entèvyou nou fè ak 6 nan manm komisyon an epi plizyè ofisyèl ayisyen. Gwoup la al nan yon rankont nan Ministè afè etranjè a ak kèk ofisye byen ame, sa te fè ekip Mesye Aristide la konteste sa kòm yon entimidasyon.

Dapre kèk nòt yon manm komisyon an ekri, Mesye Debray di : “Ou pa demontre anyen serye konsènan sijè sa a,” pandan li rejte demann pou restitisyon an.

Nan yon entèvyou Mesye Debray fè li di pandan l ap deplore lefèt yo bliye istwa kolonizasyon Lafrans ann Ayiti, li konsidere afè restitisyon an tankou yon “demagoji pou yon timoun 7 an.”

Doktè Saint-Hubert, Doktè ayisyen, ki te chita sou yon tab pandan reyinyon an di : Mesye Debray deklare Lafrans dwe Ayiti yon dèt moral, se pa t yon dèt finansyè.

Doktè Saint-Hubert di : “Se pa an moral nou te peye dèt la. Se te ak
lajan kach, bon jan lajan kach.”

Plizyè manm nan komisyon fransè a di Times yo te wè prezidan Ayisyen an tankou yon moun ki konwonpi, epi nenpòt lajan yo ta ba li li ta sèvi avè l pou l anrichi tèt li.

Te kòmanse gen plis vyolans nan konfwontasyon ant gwoup sipòtè Mesye Aristid yo ak gwoup opozisyon yo epi yo te akize gouvènman Mesye Aristid la pou jan li te al dèyè manm opozisyon an. Gwoup ki la pou defann dwa moun di : lapolis ak “atoufè ki patizan gouvènman an” t ap atake opozisyon an ansanm ak laprès endepandan an. Ofisyèl ameriken akize kèk manm administrasyon Aristid la pou trafik dwòg epi apre sa leta ameriken mete yo nan prizon.

Nan rapò final li, komisyon an fè advèsè Mesye Aristide yo konpliman antan yon siy ki bay espwa pou yon “opozisyon sivil” ki “pare pou pran reskonsablite sivik li.” Komisyon an te bay yon apèsi Mesye Aristide te kab pa ret sou pouvwa a pou lontan epi yo te pale de “yon fiti gouvènman enterim.” Jacky Dahomay, yon filozòf fransè ki te manm komisyon an tou, di li menm “li te dakò ak
depa Aristide la.”

Nan mitan mwa desanm, Mesye Debray ale nan palè a nan Pòtoprens pou l vin bay Mesye Aristid yon avètisman.

Mesye Debray di, li di Mesye Aristide : “Sanble bagay yo pa p bon pou wou.” Mr. Debray konseye Mesye Aristide pou l kite pouvwa pou l pa kite sa ki te rive Salvador Allende a rive l. Salvador Allende se prezidan Chilyen ki mouri an 1973 lè militè anvayi palè prezidansyèl la.

Nan yon entèvyou Mesye Debray te fè li di, sèl sa l te vle se ede sove lavi prezidan an, epi li avèti l Etazini te fè lide mete l atè. Men Mesye Burkard di Mesye Debray t al “twò lwen”, epi Mesye Aristide di an piblik yo te di l demisyone.

Men sa Mesye Aristide te di ki te pase nan rankont sa a : “Menas yo te klè epi yo te dirèk. ‘Swa w demisyone, oubyen yo dechouke w !’”
Yon vwayaj nan destinasyon
Pilòt yo pa t konnen kote yo ta prale. Mesye Aristide pa t konnen tou. Avyon an vire anlè pandan plizyè è d tan, ak fenèt li yo fèmen, pandan ofisyèl franse yo t ap kraze kò yo chèche yon peyi pou resevwa li.

Jou sa a se te 29 fevriye 2004, epi yo te fèk wete Mesye Aristide sou pouvwa a.

Anvan solèy leve, Luis Moreno, yon diplomat ameriken wo plase, kondi antre nan gran baryè kay prezidan an ki byen bare epi li monte eskalye devan pòt kay la, li te gen kèk fòs sekirite ansanm avè li ki te soti nan Depatman d Eta.

Mesye Moreno te ede Mesye Aristide retounen ann Ayiti apre lame a te ba l koudeta 1o an anvan sa. Kounye a, l ap fe revè a : Mesye Moreno salye prezidan an epi li mande l lèt demisyon li.

Kèk minit apre, yo mennen Mesye Aristide ak madanm li nan ayewopò a, kote yon avyon ameriken te lwe vin pran yo epi mennen yo ann egzil.

Mesye Moreno sonje l di Mesye Aristide “Ala yon bagay ki dwòl mwen te youn nan premye moun ki te ba w lanmen lè w te tounen sot ann egzil, epi kounye a mwen se dènye moun ki pral di w orevwa.”

Avyon an anlè a kounye a, Mesye Burkard di, Otorite fransè yo sipliye 3 peyi afriken pou yo resevwa Mesye Aristide. Tout refize. Finalman, yon ansyen koloni fransè, Central African Republic, dakò. Mesye Aristide rete la pandan apeprè 2 semenn, anvan yo voye l ann egzil Jamayik pou yon ti bout tan epi apre sa ann Afrik di Sid jiska 2011.

Mesye Aristid rele sa yon kidnapin. Sekretè d Eta ameriken an Colin L. Powell rele sa “deklarasyon san prèv, ridikil,” epi Etazini ak Lafrans di prezidan an te dakò kite pouvwa a.

Jis jounen jodi a, anpil ofisyèl kontinye ap di Mesye Aristide bay demisyon li pou anpeche kriz politik la mennen Ayiti nan yon gè sivil. Rebèl ame yo t ap mache sou Pòtoprens. Lafrans te mande Mesye Aristide pou l kite pouvwa a piblikman, pandan, Etazini t ap sijere sa menm.

Mesye Moreno di depa Mesye Aristide la “se te sou zòd li” epi li “te vle evite san koule.”

Men, lèt demisyon Mesye Aristid la te ekri an Kreyòl, epi gen deba k ap fèt jouk jounen jodi a sou bon tradiksyon lèt sa a. Mesye Burkard, ansyen anbasadè nan epòk sa a, di lèt la pa t fin “fin klè,” epi jan lèt la te ekri a pa t klè se yon lèt demisyon li te ye vre.

Li te admèt tou, pou lapremyè fwa, Lafrans ak Etazini te met ansanm pou òganize yon “koudeta” kont Aristide nan ba l presyon pou l demisyone epi pran l mennen l ann egzil. Gen yon lòt ansyen anbasadè franse ann Ayiti, Philippe Selz, se yon manm komisyon fransè a ann Ayiti, ki di nan yon entèvyou yo te deja pran desizyon sa a depi davans “pou yo depòte prezidan an, pou yo voye l ale.”

Kèk semenn apre yo te fin wete l sou pouvwa a, Gérard Latortue, nouvo lidè enterim peyi oksidantal yo te apiye a, rankontre avèk Prezidan Lafrans lan Jacques Chirac. Lè Mesye Latortue soti nan palè dore Élysée a Pari li di jounalis yo li sispann demann restitisyon an.

Li di, nou bezwen yon nouvo kòmansman nan relasyon Lafrans ak Ayiti, apre “efè negatif tout efò ansyen rejim nan lakòz nan mande restitisyon pou dèt endepandans lan.”

Yon istwa yo kache
Nan reflechi sou sa k pase a, Mesye Gaudeul, ansyen anbasadè a di, repons agresif Lafrans te bay konsènan demann restitisyon an soti nan retisans li pou l fè fas ak yon istwa ki kontrekare repitasyon nasyonal peyi a kòm yon chanpyon nan defann dwa tout moun.

Li kontinye di : “Ayiti se te yon move egzanp” pou Lafrans.

Dapre sa kèk chèchè di, anpil nan istwa peyi d Ayiti ret lanvè toujou, swa yo pa pran istwa a pou anyen oubyen yo bliye sa k te pase. Chèchè yo di, prèske pa gen okenn liv fransè ki mansyone Sen Domeng, non Ayiti lè kolon yo t ap dirije peyi a, te resevwa 40 pou san komès esklavaj trans-Atlantik la nan fen epòk 1780. Oswa istwa Napoleon, lè l te eseye enpoze lwa Lafrans yo sou Ayiti an 1803, epi l pèdi plis sòlda nan konba sa a pase sa Lafrans te pèdi nan konba Waterloo a.

Yon rapò fondasyon Lafrans ki rele Fondasyon pou memwa lesklavaj pibliye an 2020 di sou chak 10 elèv fransè ki nan lekòl primè ak lekòl segondè se yon sèl ki aprann istwa Toussaint

Louverture ak revolisyon ayisyen an.

Sou kesyon lajan Ayiti te peye Lafrans lan, istwa sa a “pa nan okenn nivo kourikoulòm lekòl fransè,” dapre Nadia Wainstain, yon pwofesè ki anseye istwa ki te kowòdone rapò fondasyon an.

Ministè edikasyon Lafrans lan di rapò sa a pa t pran ansèyman yo fè sou Ayiti nan lekòl primè yo an konsiderasyon, men ministè a admèt ministè a pa janm diskite kesyon anseye elèv sou afè peye Ayiti te peye ansyen pwopriyetè esklav yo.

Menm pitit pitit mèt esklav yo te peye yo di yo pa ba yo okenn enfòmasyon pase sa sou sijè sa a.

Pami yo gen fanmi Napoleon yo, kèk manm nan fanmi Wa ann Ewòp yo ak kèk nan fanmi Aristokrat Lafrans ki pi koni yo. Pa gen anpil nan 31 desandan jounal Times te kontakte yo ki te okouran istwa sa a.

Louis Baudon de Mony-Pajol, yon desandan sizyèm jenerasyon fanmi Jean-Joseph de Laborde, ki te bankye Wa Louis XV ki te youn nan pi gwo mèt esklav ann Ayiti, di : “Mwen pa t okouran de

sa.” Louis Baudon de Mony-Pajol konpare istwa sa a ak “yon gwo nouvèl politik ak sosyal” ki menase kòmansman yon lagè kiltirèl.

Emmanuel de la Burgade, desandan yon lòt mèt esklav di li dekouvri istwa sa a jis lè li t ap ekri yon liv sou istwa fanmi li. Lè l te di papa l sa, li sonje papa l di : “Pa di pèsonn sa.”

Plizyè desandan Laborde di yo dekouvri istwa fanmi yo an 2015 pandan y ap li jounal yon gwoup antirasis an Frans anonse li ta pral asiyen Ernest-Antoine Seillière de Laborde, yon biznismann ki rich an Frans, poutèt li te benefisye de komès esklavaj la.

Natalie Balsan di : “Se te nouvèl ki di. ” Li se setyèm jenerasyon fanmi Laborde. Li ajoute : “Poutèt mwen vin konnen mwen soti nan yon fanmi ki te konn gen esklav se yon gwo wont.”

Nan fen 18yèm syèk la, Mesye de Laborde transpòte prèske 10,000 Afriken al Ayiti sou batiman li yo epi li te gen jiska 2,000 moun kòm esklav sou plantasyon l yo ann Ayiti, anpil ladan yo mouri. Gen yon ti vil nan sid Ayiti ki gen non li jiskaprezan.

Laborde pèdi plantasyon l lan pandan esklav yo revòlte ann Ayiti epi kèk revolisyonè fransè te koupe tèt li Pari an 1794. Men Alexandre ak Nathalie, 2 nan pitit li yo, resevwa dedomajman ki egal a $1.7 milyon nan dola jodi a, pi gwo sòm yo te peye yon sèl fanmi, dapre done yon istoryen alman ki rele Oliver Gliech te ranmase.

Pwosè sa a kont desandan li yo pa t janm te fèt, men sa kòmanse yon konvèsasyon nan fanmi an. Gen kouzen ki te kòmanse ap voye imel bay lòt kouzen. Mesye Seillière de Laborde yon ansyen dirijan pi gwo biznis lòbi nan peyi Lafrans epi eritye lafanmi Wendel, youn nan fanmi ki pi rich an Frans, yo kontakte plizyè istoryen pou tcheke si fanmi l te jwenn pèman sa yo.

Youn nan istoryen yo di sa trè posib pou Alexandre gaspiye lajan sa a, se pitit gason li an ki mouri tou razè. Mesye Seillière de Laborde pa janm reponn okenn demann nou te fè atravè fanmi li ak kòlèg biznis li yo pou n fè yon entèvyou.

Senk nan desandan Laborde yo, Madan Balsan tou, di yo pa t santi yo gen okenn reskonsablite pou aksyon gran gran paran yo. Men li dakò ak demann restitisyon an, li di se yon bagay ki “jis” pou mizè moun yo pase. Mesye Baudon de Mony-Pajol, kouzen l lan, pa dakò, li di Lafrans pa t gen pou l fè okenn repantans epi li di demann restitisyon sa a se yon “kilti je louvri” ki soti nan peyi Etazini.

Yon lòt pitit pitit pitit Laborde ki rele Romée de Villeneuve Bargemont, ki gen 22 an, di li regrèt li pa t etidye istwa sa a lekòl. Gen yon biyografi fanmi an sou 10 volim ki nan bwat katon nan apatman li Pari, se apèn si gen kèk grenn fraz sou afè dedomajman nan biyografi sa a.

Li di : “Politik Lafrans sou listwa an prensip se plizoumwen bliye tout bagay.”

Yon kalkil ki fè lapenn
Pèman Ayiti t ap voye bay ansyen mèt esklav li yo t ap adisyone pandan plizyè jenerasyon, sa te koute ekonomi peyi a plizyè milya dola apre yon sèten tan. Nan analiz Times fè li dekouvri gen yon ti bank piblik ki pa twò koni ki rele Caisse des Dépôts et Consignations, se bank sa a ki te resevwa majorite kòb la.

Apre gwo tranbleman tè Ayiti a an 2010, Didier Le Bret, anbasadè fransè a, di bank sa a te kontakte li pou l ede Ayiti, omwen an pati pou l bay reparasyon pa li : li fè yon don ki te apeprè $400,000 dola.

Pòt pawòl bank lan di don sa a yo fè a antre nan kad regleman bank lan pou l ede peyi ki sibi dezas kote anpil moun ap soufri. Men, Augustin de Romanet ki te direktè bank lan lè li te fè don an, di jounal Times : “Se byen posib gen kèk bagay enpòtan pou fè ann Ayiti, lè w konsidere sa k te deja pase Ayiti.”

Jès diskrè sa a bank lan fè a, menm si l piti, abòde yon fenomèn ki pi enpòtan : Mesye Aristide kite pouvwa a depi an 2004, men batay li t ap mennen an fòse moun an Frans kòmanse reflechi, menm lè se avèk anpil soufrans.

Nan dènye ane ki sot pase yo, kèk entèlektyèl ki koni pale an favè restitisyon, gen kèk akademisyen k ap analize aspè ekonomik ak aspè legal reparasyon an de jou an jou. Ane pase, òganizasyon rechèch piblik Lafrans lan pibliye baz done ki gen lis dedomajman yo te peye Fransè ki te mèt esklav yo, sa ki te Ayiti yo nan lis la tou.

Myriam Cottias, ki t ap jere baz done sa a, te manm komisyon fransè ki te rejte demann restitisyon Mesye Aristide te fè sa gen 20 an de sa. Men li di li pa wè bagay yo menm jan an ankò, epi li di afè reparasyon se yon bagay pou yo dwe pale de li.

Li di : “Kesyon sa a, wi, fò yo soulve kesyon an.”

Gen de fwa otorite fransè yo montre yo enterese diskite afè restitisyon sa a tou. Nan mitan mwa desanm nan, ministè finans Lafrans lan òganize, yon senpozyòm entènasyonal sou enpak ekonomik esklavaj, pou premye fwa, avèk kèk konferans ki konsantre espesyalman sou istwa lajan Ayiti peye Lafrans.

Men diskisyon ki fèt an piblik se diskisyon ki fèt ak anpil prekosyon.

An 2015, Mesye Hollande, prezidan fransè a, fè yon diskou kote li admèt lajan Ayiti te peye ansyen mèt esklav yo se yon lajan yo te rele “ranson endepandans lan.”

Li di : “Lè mwen al ann Ayiti, m ap peye pòsyon pa m nan nan dèt sa a.”

Piblik ki te chita devan l lan, ki te gen kèk lidè afriken ak prezidan ayisyen an pami yo tout kanpe menm kote a pou yo bat bravo.

Michaëlle Jean, ansyen sekretè jeneral Òganizasyon entènasyonal La Francophonie an, ki te la tou pandan diskou a, sonje li wè “moun kriye.” Li di : “Se te yon gwo evènman.”

Kèk è d tan pi ta, asistan Mesye Hollande yo vin ajoute yon gwo enfòmasyon sou diskou a, yo di : Mesye Hollande t ap pale de yon “dèt moral” sèlman Lafrans te dwe Ayiti, se pa t yon dèt finansyè. Gouvènman fransè a toujou kenbe menm pozisyon an jodi a. (Mesye Hollande refize bay kòmantè li pou atik sa a).

Pozisyon delika Lafrans konsènan Ayiti a montre yo pa fin sèten sou pozisyon yo, pafwa yo pa fin alèz nèt sou kouman pou yo fè fas ak istwa kolonyal peyi a ak kesyon posede esklav la. An 2016, senbolikman palman fransè a rejte pwopozisyon lwa 1825 lan ki te egzije Ayisyen peye ansyen mèt esklav yo, men palman an pa rive konsidere kesyon restitisyon an.

Nan yon entèvyou, Christiane Taubira, yon minis nan gouvènman Mesye Hollande lan, di : “Yon moun pa kapab prezante agiman, objektivman, pou di nou pa dwe Ayiti anyen.”

Mesye Aristide di, lè w gade sa k deja pase a, omwen kanpay restitisyon l lan te fè Fransè yo rekonèt sa yo te fè.

Li di : “Si m pa t soulve kesyon an an 2003, pwobableman an 2015 François Hollande pa t ap admèt dèt sa a.”

Li ajoute : “Sa se te yon etap. Sa po ko fini”

Men moun ki fè rechèch pou repòtaj sa a Daphné Anglès ak Claire Khelfaoui depi Pari, Charles Archin, Harold Isaac, Ricardo Lambert ak Gessika Thomas depi Pòtoprens, Haiti, ak Allison Hannaford depi North Bay, Canada.

Constant Méheut reports from France. He joined the Paris bureau in January 2020. @ConstantMeheut

Catherine Porter, a foreign correspondent based in Toronto, has reported from Haiti more than two dozen times. She is the author of a book about the country, “A Girl Named Lovely.” @porterthereport

Selam Gebrekidan is an investigative reporter for The New York Times based in London. She previously was a data and enterprise reporter for Reuters where she wrote about migration to Europe and the war in Yemen, among other stories. She has also covered U.S. oil markets.

Matt Apuzzo is a Pulitzer Prize-winning reporter based in Brussels. @mattapuzzo

Give this article


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie