MosaikHub Magazine

Examens d’Etat : message du ministre Pierre Josué Agénor Cadet

jeudi 20 juin 2019 par Charles

Le ministre de l’Education nationale et de la Formation professionnelle, Pierre Josué Agénor Cadet, à l’occasion de la tenue des épreuves des examens d’Etat, a diffusé un message à la population haïtienne. Nous publions in extenso.

Maman ak papa pitit, elèv yo, pwofesè yo, direktè lekòl, mwen wete chapo m byen ba pou m salye nou tout nan okazyon egzamen Leta yo k ap kòmanse lendi 24 jen 2019 la.

Mwen salye espesyalman paran yo pou sakrifis yo fè pou akonpaye timoun yo, pou voye yo lekòl, pran chimen lakonesans, wout limyè pou yo itil tèt yo demen ak sosyete a. Se pi bon envestisman nou te ka fè pou n ede timoun yo vanse e trase avni yo.

Pwofesè ak direktè lekòl, mwen remesye nou pou angajman nou, pou detèminasyon nou, pou bon jan zouti lakonesans nou bay timoum yo, pou prezans bò kote yo pou nou akonpaye yo malgre tout difikilte. Mèsi anpil pou travay sa a ki pa gen pri.

N ap pwofite remèsye chofè kamyonèt, chofè taksi, polisye, brigadye eskolè, tout moun alawonnbadè ki bay sipò yo tou nan akonpaye timoun sou wout ledikasyon. M ap di nou tout mèsi anpil pou travay nou, pou sipò nou.

Mezanmi, timoun yo pwal nan egzamen Leta apre anpil sakrifis paran yo ak Leta fè pou timoun yo ka reyisi vi yo gras ak ledikasyon.

Ledikasyon konsène tout moun. Zafè ledikasyon, zafè lekòl se zafè nou tout. Tout sitwayèn, tout sitwayen, an n pèmèt timoun yo pase egzamen yo nan lapè, nan latrankilite. An n pwoteje tout sakrifis paran yo fè pou ledikasyon timoun yo.

Nan non tout paran, pwofesè ak direktè lekòl, m ap mande tout manb nan sosyete a, kèlkilanswa kote w soti, ede e pwoteje timoun yo pandan yo pwal pase egzamen leta yo.

Mwen di nou mèsi davans pou kontribisyon chak moun nan pèmèt egzamen Leta yo byen pase nan enterè timoun yo ak sosyete a.

Mèsi anpil !

Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie