MosaikHub Magazine

An nou kontinye fè kòm si

mercredi 21 août 2019 par Charles

Lotrejou m t ap pale ak yon direktè lekòl ki di m li okipe anpil nan prepare rantre a. M te anvi mande l ki rantre ? Anvan sa, mwen t ap tande nan radyo yon manman ki t ap di li poko janm ka pran dènye kanè pitit li a pou ane ki sot pase a, ale wè pou li ta ka peye pou lane k ap vini an. Yon manman ki t ap bay reyalite yon pakèt paran ap viv. Pa gen lajan pou peye ekolaj, founiti. Yon bon valè nan timoun ki nan lekòl k ap fonksyone yo p ap ka antre lekòl ane sa a. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Yon bon valè nan lekòl piblik yo pa t fonksyone nan lane ki sot pase a. Pa t gen mwayen. Swa grèv moun ki pa touche, swa te gen mi yo san plis, pa t gen pwofesè ni materyèl. Ane sa a, ap gen plis ki p ap sa fonksyone. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Gen rejyon, zòn, katye kote bal ap chante, kote soti nan lari se mete lavi w an danje. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Elit ekonomik yo – an n pa rele yo elit -, moun ki gen mwayen pou sa yo ap leve ti etranje nan lekòl ki pa nan sistèm ayisyen an. Pa gen yon sistèm nasyonal pou tout pitit peyi a. Men se pa grav, n ap fè kòm si. Nou ka pouse lodas pou n pale de yon « l’école haïtienne ».
Anyen p ap mache. Milye moun ap drive nan lari a, ou pa menm ka di y ap bat bè pou fè mantèg. Pa gen bè, pa gen anyen nan men yo. Sèlman yon anvi viv ki donnen dezespwa. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Administrasyon piblik p ap mache. Leta pa sa bay popilasyon an sèvis yo peye l pou li bay. Leta se byen prive yon ti klik k ap banbile san li pa dwe pèsonn esplikasyon. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Y ap maspinen militan ak malere nan katye popilè yo, men se pa grav, n ap fè kòm si.
Majorite palmantè p ap palmante anyen ke pòch yo. Yo vann komin yo, konsyans yo, yo loreya nan kouche plat anba pye egzekitif la. Men se pa grav, nou fè kòm si.
Mizè, derasinman, sosyalizasyon sovaj, peyi a kale bandi pi vit ke yo te ka arete bandi si yo te vle arete yo tout bon vre. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Pa te janm gen maryaj, nou pa sa di divòs la fèt. An n di chat konnen, rat konnen, siga a limen de bout ant Jovenel Moïse/PHTK yon bò, ak majorite popilasyon an k ap mande jistis pou lajan PetroKaribe ki pase mal, pou moun yo maspinen, touye, pou tout move aksyon bandi legal ki nan tèt Leta a te fè, ap kontinye fè. Pa gen rekonsilyasyon posib. Men se pa grav, n ap fè kòm si.
Pi gwo kado nou ka fè ti klik k ap pwofite malè majorite a se kontinye fè kòm si. E se pi gwo krim nou ka komèt kont tout moun ki nan soufrans yo, tout viktim enjistis sosyal y ap vyole dwa yo toulejou. E se pi gwo krim nou ka komèt kont tèt nou, kontinye fè kòm si. Nou lèd nan fè kòm si. E si nou wè nou bèl nan glas la, se je n ki sal osnon abitid ilizyon, fè kòm si, anvayi lespri n, anpeche n wè ni nou menm ni reyalite n ap viv la. Ou menm k ap bat lestonmak ou, di ou se yon gran pwofesè pandan lekòl pa ka fèt vre nan bon kondisyon, pou tout timoun. Ou menm k ap jere ti brase w, ti magouy ou ojoulejou, e k ap prezante w kòm « òmdafè ». Ou menm k ap gade yon peyi k ap depafini san ou pa leve yon ti dwèt ou pou goumen pou chanje l.
Nan fo rantredèklas, fo palmantè, fo òmdafè, fo repiblik ki pa garanti enterè ni dwa majorite a, yon jou reyalite a ap pete nan figi n. Nan batay peyi a ap mennen pou yon chanjman tout bon vre nan sans enterè majorite a ak pou yon sistèm repibliken akseptab, chwazi fè kòm si, se chwazi. E poukisa chwa sa a ? Paske ou gen mwayen siviv. Paske se pa ou k ap soufri plis. Paske nan woutin abitid se vis ou pa gen kè pou angaje w. Se pa klik ki gen pouvwa lajan ak pouvwa politik la nan men li an ki pi gwo pwoblèm peyi a. Nou konn kilès yo ye, sa yo vle. Pi gwo pwoblèm peyi a se moun ki bay tèt yo rezon pou yo fèmen je yo sou sa, fè kòm si tout bagay nòmal. Pa gen anyen ki pi lèd, pi mizerab pase yon fo moun k ap fè kòm si.

Antoine Lyonel Trouillot
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie