MosaikHub Magazine

Chak peyi oswa chak prezidan gen Fox News li....

vendredi 20 novembre 2020 par Charles

Chak peyi oswa chak prezidan gen Fox News li.

Men gen de lè, foli a pouse twò lwen, menm Fox News konn fè bak. Si sa rive lòt kote, petèt sa va rive isi yon jou.

Chak peyi gen Lwijan Boje l ki di pouvwa m se pa m, m a remèt li si m vle lè m vle.

Chak moman foli nan listwa yon pèp, kote dirijan pase prensip, respè pou lòt moun, sèman, angajman, diyite, enterè jeneral anba pye, toujou twò long, menm si pèp yo toujou fini pa pran konsyans sa y ap sibi e di ase, mete fen nan foli a, redrese ba direksyon peyi yo, kreye yon lòt chemen. Nanpwen pèp ki sòt ase pou kite yo antrene l sou yon move chemen pandan tout egzistans li.

Chak peryòd tristès, tribilasyon, lawont nan listwa yon pèp toujou louvri sou yon peryòd branch lorye, koudyay ak lesperans paske solèy la tounen, lavi retounen, moun rekoumanse kwè nan yon demen ki va fè sans.

Chak ti Lwijan Boje ki panse l pi chèf pase tout chèf, pi Bondye pase tout Bondye, toujou antre nan listwa kòm yon kriminèl okenn manman pa vle pitit li pote non l, oswa yon ti komik timoun kou grandèt koumanse pase anba betiz depi nan vivan l, kontinye sou jenerasyon apre jenerasyon. Se yon prezidan ameriken ki te di : « A karantan, yon moun dwe responsab figi l ». Yon fason yon dirijan politik responsab figi l, se pa bay chans pou yo transfòme imaj ou an mas gwo tèt oswa lamayòt pou fè foul yo ri. Vanjans pèp kont moun ki fè yo mal se pa sèlman trennen yo lajistis, se ba yo yon etènite ki sanble zak yo, tout move mo yo suiv yo : madigra, makawon, maskarad… san konte tout lòt nou pa site yo, pa respè pou figi lektè a.

Chak ti Lwijan Boje ki pa vle rann kont, lè li santi menas volonte jeneral la ap rive sou li, anfonse tèt li pi fon nan foli diktatè a, depase tout limit, yon fason pou li rasire tèt li, oswa pou li aplike prensip : lè m pa ka manje yon manje m gate l. Yon bagay ki etranj pou yon moun konsidere pouvwa kòm yon manje. Devenn pa yo, anbisyon, goumandiz, fè yon ponyen moun al antere tèt yo kòm konplis antrepriz sanzavni sila yo. Anpil fwa, se yo ki peye pi chè. Paske listwa, fonksyon yo, te ba yo okazyon pou yo di non. Lè listwa ba w chans pou w rachte w e ou pa prann, se tankou granmoun ki krache, li pa vire gade kote w tonbe.

Menm si se pa domino, chak Lwijan Boje ki chite se yon rapèl anyen pa etènèl, yon move prezaj pou sa ki ka bije met bab yo alatranp. Yo di nan Pòtoprens gen moun, menm si y ap fè gwo gòj, rele apre mwen se mwen, yo santi yon ti latranblad pa anndan, yo rekòmanse wè tè a glise, politik, zafè pèp pa gen asirans tourisk.

Mapou ki mapou konn tonbe, ale wè pou Lwijan Boje.

Antoine Lyonel Trouillot
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie