MosaikHub Magazine

« Depresyon », yon powèm flèv

jeudi 28 janvier 2021 par Charles

Jean Emmanuel Jacquet siyen dènye rekèy powèm li a ki rele « Depresyon », jou ki te samdi 23 janvye 2021 an, nan sal konferans Michel Soukar C3 éditions an, ki Delmas 31. Rekèy sa a ki te pibliye nan fen ane 2020 an nan C3 éditions atire atansyon. Rekèy powèm sa a abode plizyè tematik, tankou vodou, kriz sosypolitik yo, konfli ant klas yo, konfli ant pati yo ke yo a dwat oubyen a goch. Vant siyati a te yon moman fyète pou powèt la.
Publié le 2021-01-27 | Le Nouvelliste

« Se toujou yon fyète lè w se ekriven pou siyen liv ou. Paske premye preyokipasyon yon ekriven, aprè fè tèt ou plezi lè wap ekri, se vrèman ou konnen gen moun ki pral li w, kidonk se youn nan gwo satisfaksyon, lè liv la sòti,ou gade l kòm objè déjà, epi ou gade l kòm yon gwo reyalizasyon. Sa vle di, lè moun pral li l kounye a, ou kontan. Jodi a, mwen kontan », se te deklarasyon powèt Jacquet Emmanuel jou vant siyati a.

Yon pwezi ki soti nan twoub sosyopolitik

Liv Jacquet a pa yon pwezi ki la pou bay anpil plezi. Se pito yon rekèy ke sitiyasyon sosyopolitik yo enspire. « Depresyon ekri nan yon kontèks byen detèmine ki se kontèks sosyopolitik aktyèl la, kote ou menm kòm otè, powèt, ekriven, ou santi w entèpele. Kelkeswa estati w, kèlkeswa sa l ye. Se pa nan sousi pou w fè pwezi a tounen yon pwezi militant fòseman, men ou menm ou ka itilize pwezi a tou kòm yon sipò pou w di kouman w santi w anndan w », powèt la.

Depresyon, yon tèks kesyonman

« Depresyon, se yon fòm pwezi kont. Se yon seri powèm ki nan kreyasyon, nan abstraksyon, nan estetik, an mem tan tou kap depenn reyalite ayisyèn, reyalite tradisyonèl. Depresyon se yon pwezi ki abòde divès tematik, ki gen anpil kesyonman. Nou nan yon fòm de depresyon, se pa yon konklizyon. Yon eta depresif se pa yon konklizyon, se pito yon enkapasite anfas yon bagay, yon fè, se yon temwanyaj. »

Depresyon, yon powèm flèv

Depresyon pa yon pwezi ki vid. Se pito yon rekèy kote mo yo pote sans. Powèm nan gen nanm. Powèt la ap rakonte nou. « Tout tèks yo gen yon nanm. Se yon powèm flèv. Lè w fè yon powèm, kote tout istwa yo konekte youn ak lòt, tout vè yo konekte youn ak lòt, epitou lide santral la rete la, sa vle di se yon bagay ou fè avèk konsyans. Li diferan ak lè w ap fè yon rekèy kote chak tèks yo ou bay yo yon tit. Men an menm tan le w fè yon powem flèv, yon sèl powèm ki traverse paj yo, gen yon konsyans de sa wa p pale. Mwen pa nan pwezi strikteman kreyasyon, jwèt ak mo sèlman, mwen nan yon pwezi ki pote sans tou. »

Elien Pierre
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie