MosaikHub Magazine

SANTÉKi risk enfeksyon ki genyen nan bay fanm dwèt ? Yon seksològ ap reponn

vendredi 16 avril 2021 par Charles

ByDimitry Charles
Koze bay fanm dwèt se yon pratik mesye yo renmen fè, anpil fanm konn santi yo alèz paske pou yo gen plezi. Èske modèl penetrasyon sa gen risk pou fanm lan fè enfeksyon ? Seksològ Catherine Solano t ap reponn kesyon sa sou RFI nan emisyon “Priorité Santé”.

Pou koumanse ak repons yo, doktè Catherine fè konnen non yon fi ki aksepte yon moun penetre l nan bouboun ak dwèt, depi moun sa men l pwòp pa gen risk pou fi sa gen enfeksyon

“Apriyori non. Se vre fòk ou gen men pwòp pou w fè kalen, karese yon moun, fè penetrasyon entravajinal. Men, fòk ou konnen anndan bouboun lan se yon kote ki fèt pou defann kokt mikwòb. Si gen yon penetrasyon kay fi a avèk men ki pwòp, pa gen risk enfeksyon”.

Si seksològ la bay garanti pa gen risk pou yon fi gen enfeksyon apre yon nèg fin penetre l avèk dwèt. Fòk nou souliye pou ou ke garanti sa se pou men ki pwòp, ki ta vle di pa reprezante danje pou bouboun fi. Se rezon pi lwen nan eksplikasyon li yo, seksològ Catherine fè konnen nan ka kontrè yon men ki sal ap penetre yon fi ak dwèt yo, fanm sa gen risk pou l pran enfeksyon ki rele “Vajinoz”.

“Gen risk pou gen enfeksyon vajinal, se sa yo rele vajinoz la. Si dwèt k ap rantre anndan bouboun lan pa pwòp”.

Selon Catherine Solano, siy ki montre yon fi fè vajinoz se lè li ap bay yon ti dlo gri ki gen odè pwason. Fò souvan se mikwòb ki soti nan dèyè fi a ki fè sa, paske nan penetrasyon ak dwèt la, dwèt sa konn pase nan dèyè moun lan epi ale rantre nan bouboun li ki pote mikwòb sa yo ki gen risk ba l vajinoz.

An gwo, nou gen enterè medam kontwole ki dwèt n ap bay vizite pati jenital la, menm jan an mesye yo dwe kenbe men yo pwòp pandan yon relaksyon seksyèl pou evite ekspoze fi a ak koze enfeksyon ki konn reprezante danje pou moun lan lè li pran estad grav la.


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie