Kreyol : Se yon lang ki pran nesans an Ayiti pa yon gwoup fam e gason .....
Menm penpenp lan pou Menm penpenp lan
Akademisyen Michel Frantz Grandoit prezante lang kreyòl tankou yon siwo myèl ki pa melanje e ki pa pèdi dousè ak vèti l. Li prezante l kòm yon zouti ki tradui pi byen panse chak Ayisyen.
« Se pou n travay nan Akademi kreyòl ayisyen pou lang kreyòl la vin premye zouti entegrasyon tout sitwayen san manke youn. Fòk kreyòl la taye banda nan tout sèvis piblik : nan tribinal, nan Lachanm, nan lopital, nan seremoni ofisyèl, nan tout espas kote y ap travay pou sèvi popilasyon an tout bon vre ».
Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil prezante vrè wòl akademi kreyòl la nan yon entèvyou li bay jounal Le Nouvelliste. Daprè li, akademi an dwe travay pou fè pledwari nan tout kwen nan sosyete ayisyen an pou fòse tout moun konnen kreyòl la. Akademi an ka ankouraje enstitisyon k ap travay nan kesyon lang kreyòl espesyalman pou yo kontinye fè travay yo ak plis konviksyon epi plis detèminasyon.
Anvan li te vin akademisyen nan lane 2014, Clotaire Saint-Natus, di li te gentan fè gwo wout ak lang kreyòl la. li di li pa t sispann defann li, itilize l chak jou nan tout pwodiksyon li yo. Se poutèt sa, li prezante tèt li tankou yon moun ki ka itil anpil nan Akademi Kreyòl Ayisyen an paske l se yon temwen evolisyon mouvman lang kreyòl la an Ayiti .
Agée de 101 ans, la carrière de Mme Odette Roy Fombrun est plus que séduisante et immense. Membre de la Société haïtienne d’histoire et de géographie, elle a consacré avec passion les derniers jours de sa vie à la cause de l’Akademi Kreyòl Ayisyen.
Ernst Mirville se youn nan senk nouvo akademisyen ki fenk entegre Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se pa yon entelektyel wòwòt, men se yon moun ki fè esperyans nan plizyè domèn tankou medsin, sosyoloji ak antwopoloji. Li pwomèt l ap mete tout sa li konen nan Akademi Kreyòl la k ap batay pou lang kreyòl ka bay bon jan rezilta.
Dominique Barthelemy se yonn nan reprezantan Grandrivyèdinò nan Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li fè anpil esperyans nan mennen batay pou lang kreyòl la, sitou nan rejyon Nò ak Nòdes. Nan Akademi kreyòl Ayisyen an li pwomèt l ap travay pi plis pou respè ak pwomosyon lang sa.