MosaikHub Magazine
PREZANSYON AKADEMISYEN YO

Wilner Dorlus vote pou lang kreyòl la vin premye zouti entegrasyon sosyal

vendredi 27 avril 2018 par Charles Sterlin

« Se pou n travay nan Akademi kreyòl ayisyen pou lang kreyòl la vin premye zouti entegrasyon tout sitwayen san manke youn. Fòk kreyòl la taye banda nan tout sèvis piblik : nan tribinal, nan Lachanm, nan lopital, nan seremoni ofisyèl, nan tout espas kote y ap travay pou sèvi popilasyon an tout bon vre ».

National -

Nan sousi pou bay kreyòl ayisyen jarèt, pou moun ekri l pi byen, pale l pi byen tou san diskriminasyon tout kote nan peyi a, Akademi kreyòl ayisyen an te vin pran nesans apre yon gwo kòlòk entènasyonal ki te reyalize nan mwa oktòb 2011 apre piblikasyon dekrè-lwa nan dat 7 avril 2014. Daprè yon bann kritè ki te byen defini, Wilner Dorlus fè pati 33 fanm ak gason vanyan ki gen konpetans, kapasite ak devouman ki te vin konpoze premye gwoup akademisyen yo.
Poukisa li vin yon akademisyen ?
Li vin akademisyen paske li mennen deja gwo batay pou lang zansèt nou yo toupatou nan sosyete ayisyèn nan, selon pawòl ki soti anba bouch li. Wilner Dorlus pwofite vante volim travay li fè deja nan domèn lengwistik. « Mwen gen gwo eksperyans nan travay sou lang kreyòl, kit nan nivo teknik, kit nan nivo syantifik. Mete sou sa, etid inivèsitè mwen fè nan branch lengwistik ak memwa mwen reyalize nan nivo lisans sou pwoblematik lang lan », se sa li vanse kòm agiman pou jistifye prezans li nan akademi an. Pi lwen li deklare : « Se pou n travay nan Akademi kreyòl ayisyen pou lang kreyòl la vin premye zouti entegrasyon tout sitwayen san manke youn. Fòk kreyòl la taye banda nan tout sèvis piblik : nan tribinal, nan Lachanm, nan lopital, nan seremoni ofisyèl, nan tout espas kote yap travay pou sèvi popilasyon an tout bon vre ».
Potorik gason sa ki gen 2 pitit. Li fèt 21 oktòb 1966. Li fè tout klas primè l ak segondè li nan peyi d Ayiti. Wilner Dorlus reprezante Sosyete animasyon ak kominikasyon sosyal (SAKS) nan Akademi an. Se yon lengwis, li gen yon lisans nan nivo sa. Li fè tou yon metriz nan syans devlòpman nan Fakilte etnoloji ak yon lòt metriz nan didaktik lang fransè avèk Inivèsite Antiy-Giyàn. Apre sa, li swiv yon bann ak yon pakèt seminè sou kesyon lang an jeneral. Li pwofesè lang kreyòl nan plizyè lekòl segondè nan kapital la epi li anseye didaktik kreyòl nan inivèsite k ap fòme pwofesè, tankou nan Inivèsite episkopal d Ayiti ak nan CREFI. Li travay kòm estilis epi kòm konseptè pedagojik nan pwodiksyon plizyè dokiman teknik an kreyòl pou òganizasyon k ap travay nan devlòpman ak pou legliz. Pami travay sa yo, nou jwenn : Bib Kreyòl la, Gid pedagojik sou prevansyon maladi moun pran nan fè bagay.
Depi se kote chodyè konesans la ap bouyi sou non lang kreyòl, mesye Dorlus deja reponn prezan daprè sa li rakonte. Se poutèt sa li fè konnen : « Lè yon Leta fè chwa sèvi ak lang yon ti ponyen moun sèlman pale nan yon sosyète, kote deja gen yon lang tout moun byen konnen pou yo viv ansanm, se yon estrateji volontè Leta sa adopte pou l mete pi fò sitwayen peyi a sou kote, se yon fòm esklizyon ki klè pou tout moun. »
Akademisyen an pwofite fè yon ti pale byen klè ak dirijan peyi d Ayiti yo. Selon li menm, yo pa twò konprann pwoblematik lang lan. « Dayè, kreyòl la sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Se premye lang Leta ak rès sosyete a dwe itilize pou òganize tout dyalòg nasyonal, tout efò konsètasyon pou yon vrè pwojè sosyete ki pase pran tout kalite sitwayen san distenksyon ».

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie